Enquet’Action: Nou remake gen anpil moun k ap mande devan divès legliz katolik - te mèt gen aktivite te mèt pa genyen. Kote pratik sa soti? Kisa ki eksplike l? Eske sa te toujou konsa? Rakonte nou sou sa souple. Sa labib di sou mandisite?

Firto Regis: M ap reponn ou sou twa ang. Premye ang la ki parèt pi fò a, se kesyon mandisite a – mandyan. Nan yon dezyèm ang, mwen pral reponn sou kèk pwen nan labib la. Kisa labib di sou kesyon mandisite ak povrete. E twazyèmman, lòt repons mwen an li prale sou povrete a dirèkteman. 

Alòs, nan sa ki konsène mandyan ak mandisite ofon, nan tradisyon jwif yo – jidayis lan se la krisyanis la soti - te deja gen yon pratik konsa. Men pratik la te an favè yon seri moun yo pat rele pòv paske moun yo te rele pòv yo se pito moun ki te enfim. Donk enfim, bwate, estwopye moun ki avèg yo. Jan sosyete a te òganize a, yo pat gen dekwa pou yo kapab viv, alò moun sa yo te gen yon seri kote yo te konn twouve yo.

Reyalite a se sitou moun ki enfim. « Les indigents de l’époque ». Se enfim yo te ye oubyen moun ki sot lot kote, etranje. Pafwa konn gen òfelen nan yo tou.

Alòs jwif la te gen twa zak li te ka poze oubyen twa zèv: se te lapriyè, fè ak bay omon. Ebyen omon nan se te yon preskripsyon bib la bay pou jwif ki pratikan an fè. Sa k pral rive ki enteresan an, omon nan dwe montre kisa? Li dwe montre moun nan gen jenewozite, moun nan renmen frè l ak sè l. E se pou sa li fè omon nan. Epi bò kote moun nan k ap resevwa omon nan, sa montre Bondye pran swen yon malere, yon enfim.

Alòs sa k enteresan an, pou omon nan, moun pat konn mande, se resevwa yo te konn resevwa. E se pou sa se nan tanp la, sitou tanp Jerizalèm nan, devan « les portiques de Salomon », se la tout moun ki nan nesesite yo, tout endijan yo, enfim yo, yo te konn chita kote lè moun nan fin lapriyè, yo fin fè ofrann yo, lè moun yo ap soti, yo ba yo omon. Donk, yo pa mande omon. Yo resevwa omon paske pratikan ki gen mwayen an gen devwa ak obligasyon pou li fè omon. Kidonk, se konsa pratik la te kòmanse. 

Yon dezyèm kote tou, ou te konn rankontre endijan, enfim sa yo oubyen etranje sa yo ki pa gen mwayen an, se nan pisin yo, bò tanp la. Ou jwenn yo bò pòtik yo, ou jwenn yo bò pisin ki te genyen pou yo vin lave bèt yo epi vin fè sakrifis yo.

Te gen yon tradisyon oubyen yon kwayans ki fè kwè si w plonje yon moun nan dlo yo lave bèt yo pandan yon seri moman patikilye, moun nan kapab geri. Ou jwenn sa menm nan levanjil la. Ou te souvan jwenn enfim nan kote sa yo tou. Lè moun nan vin fè yon sakrifis li vini avèk yon mouton, pandan l ap lave l la, monnen li gen nan men l lan l ap fè sakrifis la, moun ki tou prè l la benefisye yo. Se de kote patikilyèman ou te konn jwenn endijan sa yo k ap resevwa omon, se devan potik tanp la epi devan pisin kote y ap lave bèt yo. Men kote premye aspè sou kesyon omon nan soti.

E se pou sa la kounya nan krisyanis lan ki pran nesans apati jidayis la, yo konsève menm prensip sa a. Kote kretyen an li gen devwa de charite. E kòm devwa de charite, li gen yon zèv mizerikòd li kapab fè. Zèv mizerikòd li a se yon akt pataj, yon akt solidarite, men tou lanmou pou Bondye a travè pwochen l. E se pou sa tou, menm jan yo te konn kanpe devan tanp lan, kounya la se devan legliz yo moun yo vin ye. Donk yo pa vin devan legliz yo pou yo mande non, yo vin devan legliz la pou yo resevwa sa lòt kretyen yo ap pataje avèk yo nan renmen pou moun ki pòv yo ak pou Bondye. Donk se konsa bagay la te kòmanse. Se sak fè sitou nan tan karèm ou jwenn tout moun sa yo ap tann pou yo resevwa omon. Se pa mandisite non, se resevwa yo resevwa omon.

E answit legliz la, sa l pral fè? Li pral yon ti jan enstisyonalize bagay la kote yo pral gen yon pè menm, yon dyak yo nome pou sa ki rele omonye. Donk omonye a te la avan tou pou l te ka resevwa nan men fidèl yo omon yo pou yo ka distribiye l bay lòt moun ki bezwen. Donk omonye a resevwa omon yo epi li distibiye l pou l ka pran swen moun sa yo. Omonye yo te toujou twa kote prensipalman: te konn genyen nan chak legliz yo, te genyen nan lopital yo pou moun ki pa gen mwayen yo, te gen omonye nan prizon.

Reyalite omonye a vin evolye li vin pran swen nanm moun. Men omonye yo se te moun ki te la pou resevwa omon epi redistribye l bay moun ki nan nesesite yo. Donk pat gen pratik mandisite a jan nou konnen l jounen jodi a.

Lè w vin rantre an Ayiti kounya lè w pale de omon, moun nan k ap fè omon nan, se la charite l ap fè pou l montre li renmen Bondye, li renmen moun ki pi piti yo. Se pou sa w ap wè nan Bib kreyòl la yo di fè la charite. Charite pòv la svp!

Donk, se akt de charite moun nan fè. E se sak fè mo a vin pase nan kreyòl, omon vle di charite.

Epi vin genyen kanmèm yon lòt eleman pou m ajoute, vin gen yon pratik vodou tou. Pratik vodou a kote yo konn voye moun nan pafwa fè charite. Oubyen moun nan al distribiye kòb bay pòv devan legliz. Pòv yo deja devan legliz ap tann charite. Donk pèsistans se rezon sa a ki fè moun toujou chita devan legliz pou si ta gen vodouyizan yo ta voye fè charite pou yo ka jwenn yo kote pou yo jwenn yo.

Donk se premye aspè a mwen te ka pale sou koze mandyan ak mandisite atravè pratik legliz la e sa ki eksplike poukisa ou jwenn moun sa yo chita devan legliz. Nan yon premye tan se pat pou yo te mande, se te pou yo te ka resevwa men nou pral rann nou kont avèk evolisyon an, yo la pou yo resevwa si yo ba yo, men yo mande si yo pa ba yo tou. Men premye aspè kesyon an.

Dezyèm aspè a n ap pran l pa rapò ak labib la. O fon nan bib la, lè y a p pale de mandyan, mandisite, yo di « je suis en train de mendier l’amour de Dieu ». Donk paske bib la plis konsidere moun nan, nan nesesite. « La personne qui est faible, la personne qui est dans le besoin ». Ke Bondye ap vin sekouri moun sa a ki nan nesesite, ki fèb la paske pèp Izrayèl la nan esklavaj an Ejip, li te nan nesesite e nan bezwen. E lòske yo te an egzil, nan nesesite epi nan bezwen epi   kòm rekonesans pou eta sa yo, yo sonje yo te ladan l lan nan lòt peyi, yo gen devwa pou yo reponn moun ki nan nesesite ak moun ki nan bezwen. Donk se yon devwa ak yon obligasyon pou yo kapab non sèlman sonje èd yo t ap resevwa nan men lòt moun, men anplis de sa tou pou yo ka montre Bondye vin nan sekou moun ki pòv yo. E se atravè frè yo ak sè yo Bondye ap pase pou li kapab ede moun ki pòv yo. Donk men kisa bib la di e fòk nou di alepòk se pat yon bagay enstitisyonèl li te ye, se de ka izole ou te genyen. E se moun nan ki gen bezwen an, pou montre pwovidans Bondye. Se reyalite sa ki te konn genyen nan bib la e aprè sa nou pral wè bib la pale de povrete a nan lòt sans tou, se de moun ki enb, moun ki senp. Se yon dezyèm aspè nou wè lè n ap pale de povrete. Donk reyalite mandisite a se konsa l prezante anndan bib la.

EA: Ki pwendvi legliz katolik sou mandisite ak povrete?

FR: Kounya la ann we kesyon povrete a. Legliz la ak kesyon povrete a. Legliz la gen twa konsiderasyon li fè de povrete a: premye konsiderasyon li fè a - se sa yo rele “la pauvreté subie” a. Sa vle di povrete a se yon mal ou gen pou w konbat li ki se fwi inegalite ak enjistis nan sosyete a. Donk legliz la toujou chèche konbat mal sa a. E pou konbat mal sa a, sa pral depann de evolisyon tan an. Chak peryòd nan tan yo legliz la prezante yon repons diferan. Donk premye repons legliz la prezante pa rapò ak mal sa a yo rele povrete a ki mete anpil moun nan sityasyon an se atravè dyak ki te la pou te ka fè sèvis tab pataje pou pòv yo, sa omonye yo pral fè pi devan. Se premye repons legliz la bay.

Dezyèm repons la, sèke vin genyen sa yo rele « des oeuvres de charité ». Pafwa se òfelina yo ye, pafwa se kantinn yo ye. Pafwa se lopital yo ye tou. Twazyèm repons legliz la vin bay la se entitisyon legliz la vin mete sou pye. Tankou Caritas se yon enstitisyon ki la pou konbat povrete nan mezi li kapab. Donk sa ki vle di premye repons legliz la se pou l kapab lite kont povrete kòm mal ki nan yon nivo enstitisyonèl. Aprè sa nan 20e syèk la pi patikilyèman gen yon lòt eleman ki pral ajoute, se lite kont mekanis ki pwodui povrete ak mizè yo. Se sa ki fè nan ane 70-80 yo, ou vin gen lajistis sosyal nan legliz. E nan jistis sosyal la se pa sèlman konbat povrete, men se konbat mekanis ki pwodui povrete a. E se lè sa nan jistis sosyal legliz la ap gen rekomandasyon ki fèt sou plan ekonomik. Ap gen angajman ki pran bò kote moun sendika oubyen peyizan, moun k ap goumen pou konbat povrete. E se nan moman sa tou ap vin genyen yon lòt dimansyon pi laj ki se yon dimansyon politik avèk teyoloji liberasyon an ki youn nan aspè ladan l se te angaje l avèk lòt moun pou chanje figi sosyete a pou kapab retire tout mekanis ki pwodui enjistis, ki pwodui povrete. Donk se yon lit, se yon konba kont povrete, pou pa gen moun pòv ankò. Sa se premye aspè legliz la te wè pa rapò ak sa yo rele povrete sibi a.

Dezyèm aspè a, legliz la pral wè l sou yon aspè pwopozitif. Se sa yo rele “pauvreté comme une vertu’’ oubyen povrete kòm konsèy evanjelik. Lè Jezi di ou dwe kite tout sa w posede pou w kapab swiv li. E se la ou vin pral genyen sa yo rele « les ordres mendiants ». Nan 3èm syèk gen yon seri kominote relijyez yo rele « ordre mendiant » se moun ki deside kite tout byen yo genyen pou y ap mache nan vil ap mande pandan y ap fè travay evanjelizasyon an. E gen yon seri kongregasyon tankou Fransisken yo, dominiken yo, gen Kam yo, se « ordres mendiants » yo te ye. Yo pa sipoze posede. Se mache y ap mache mande yon fason pou yo ka montre yo detache ak byen materyèl. Donk se dezyèm fason legliz la vin pale de povrete atravè les “ ordres mendiants”. E se la ou vin genyen « le vœu de pauvreté » tou epi vin genyen kongregasyon kote gen moun ki fè « Vœu de chasteté / vœu d’obéissance et vœu de pauvreté ». E kongregason sa yo lè w ladan yo ou pa gen dwa posede anyen. Men tout sa w genyen nou mete yo an komen.

Yon bagay enteresan pou n ta gade ”sa k fè kongregasyon yo gen anpil bagay konsa?” se paske nan yo moun pa posede, tout sa nou genyen nou mete yo an komen. E tout relijye pòv. Men kongregasyon an kapab parèt rich paske yo mete byen yo an komen. E nan legliz la se menm reyalite a tou, nou konn panse legliz la rich. Men legliz la pa gen lajan vrèman. Se yon patrimwan li ye. Si n ap evalye patrimowan legliz la n ap wè se yon bagay inestimab. Men li paka vann yo. Pa konsekan, gen yon relasyon ant povrete a nan dezyèm dimansyon sa a.

Twazyèm fason legliz la ka pale de povrete se povrete pwopoze tankou beyatitid. Selon beyatitid la se byenere pòv yo an espri. Sa vle di se pou tout moun kòm kretyen aprann pa atache yo ak byen materyèl pou yo ka viv nan senplisite. E se lè sa moun nan kapab viv jan Bondye vle l.

Donk gen twa fason nan povrete a: povrete a se yon mal pou konbat pou lite kont li atravè zèv ak konba sosyal yo, atravè politik tou (angajman politik). Dezyèmman povrete a kòm vèti evanjelik, kòm konsèy evanjelik relijyon yo konsakre yo ap viv. E yo menm yo viv pòv. E akoz povrete a yo vin rich paske yo mete tout sa yo genyen an komen. Lè yo mouri, eritaj yo rete nan kominote a yo pral jwenn lòt paske se yon patrimwan yo genyen. 

E dènye fason an, se povrete a kòm beyatitid kote yo mande tout kretyen pou yo aprann viv yon vi senp. Men malerezman gen moun ki detounen sa a paske gen moun ki vin angaje yo ak choz materyèl. Gen moun ki tonbe nan reziyasyon ki di yo ka rete pòv sou tè a epi yo pral rich nan syèl la. Donk se devyasyon ki genyen nan fòm teyoloji sa a.

Men sa ki diferan pou pwostestan yo, sèl sa m ka di sou yo, sèke yo gen sa yo rele “théologie de la prospérité”. Pandan legliz katolik ap di ou ann nou aprann pa renmen byen materyèl pou nou kapab viv senp, pwotestan an di ou ann chèche gen richès, ann nou chèche gen byen. “Théologie de la prospérité” a pran sous li nan ansyen testaman an, kote premye siy benediksyon ki te genyen nan ansyen testaman an se te moun ki te posede anpil byen, sitou anpil twoupo. Se sèl sa m ka di sou apwoch mandisite nan katolik ak pwotestan an.

Katolik yo chita sou povrete, yo menm yo chita sou teyoloji pwosperite ki pran sous li nan richès kòm benediksyon.

 

Pa bliye li ankèt lan – la: https://www.enquetaction.com/articles/pourquoi-des-pauvres-devant-les-eglises-catholiques-mais-non-devant-celles-des-protestants