Repòtaj


Kèk iglou enstale pasi pala, plizyè baf depoze yonn sou lòt, yon mizik 17 wotè lage jenn gason ak jenn fanm yo nan yon anbyans san parèy. Nou nan lakou Fakilte Dwa nan Pòtoprens, Palè Nasyonal la pa lwen nou. Etidyan ki soti nan divès lekòl ak fakilte nan kapital la reponn prezan nan yon aktivite kiltirèl pou di byen vini ak nouvo moun ki chwazi etidye dwa osinon ekonomi nan espas sa. Nan mitan bwase ren ak kè kontan yo, tanzantan yon Kolangyèt Manman pati. Lè se pa piblik la ki itilize l pou fè kòlè sou didje a, se animatè a ki reklame l. « Si nou dakò pwogram nan kontinye, di Gyèt Manman m », li pa sispann di pandan foul la obeyi l ak dan yo deyò.

Ekspreyon Kolangyèt Manman (KLGM) an itilize anpil nan espas k ap etidye syans moun yo nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) a. Yo souvan pa pran l pou anyen. Fakilte Syans Moun, Faculté des Sciences Humaines (FASCH) nan lang franse, se yon egzanp klè. Excerne Salomon ap etidye Travay sosyal anndan fakilte sila a. Li gen yon eksplikasyon pou fenomèn nan. « Se tèlman mo a repete nan anviwonnman an ki vin fè l pa sonnen mal nan zòrèy etidyan yo », daprè li. Poutan, kontèks KLGM lan itilize a konn rive chanje bagay yo lakay menm etidyan syanzimèn ak sosyal sa yo. 

Etzer-Vilaire Momplaisir soti nan vil Beladè ki nan depatman sant peyi a. A koz Listwa l ap etidye nan « Institut d’Etudes et de Recherches Africaines d’Haïti (IERAH) », li oblije tabli l nan Pòtoprens. Jenn gason 26 lanne an abitye itilize KLGM nan moman kè kontan ak kamarad li yo. Men nan kèk sitiyasyon, li fè nou konnen. « Si mwen ak yon moun nan yon diskisyon epi yonn pa ka konvenk lòt epi vin gen yon depasman, epi yon Gyèt Manman lanse, la, li vin yon mank respè ki kapab gen yon efè negatif sou mwen ».

Nan anpil ka, ayisyen konsidere yo atake yo jouk nan zo lè yon moun di yo KLGM. Sa konn retire tout bon sans yo, menm jan ak Louna Sénatus. Jenn fi sa ki souvan ap souri fè nou konnen lè yon moun di l Gyèt Manman l, tout bon jan l ale. « Sa fè m mal anpil anpil. M fache. M santi m ta fè tout bagay ».

Nan kad yon ti ankèt nou mennen sou fòs KGLM sou ayisyen, nou te pale ak 37 moun, pami yo 10 gason. 31 ladan yo ap viv nan depatman lwès, sid ak Latibonit, yonn ap viv Sen Domeng epi lòt la Chili. Nou te poze tout yon sèl kesyon: Èske w ap dakò yon moun di w KLGM ? 23 ladan yo te reponn non. Ki vle di anviwon 62 pou san. Yo fè nou konnen maman yo twò enpòtan pou yo kite moun ap betize avè l. 

Yon atak pèsonèl depi nan lang franse 

Kolangyèt Manman makonnen ak listwa lesklavaj nan moman blan franse t ap koupe rache nan tan lakoloni. Si n kwè Dérinx Petit-Jean ki se yon istoryen ak antwopososyològ, fanm blanch yo pa t anpil nan moman ti bout tè sa te rele Sen Domeng. Gen moman yo pa t la ditou. Konsa, fanm nwa yo te tounen yon bwat plezi pou blan fransè yo. « Kolon yo te souvan pati san fanmi. Lè yo rive nan koloni an, yo vin gen bezwen fè bagay. Kòm yo jwenn fanm nan espas la, yo eskplwate yo seksyèlman ». 

Pwofesè nan inivèsite leta a fè nou konnen se te kadejak blan yo te konn fè sou medam sa yo. Fanm yo, menm jan ak tout esklav yo, pa t moun nan je kolon yo, selon règleman ki te soti nan peyi Lafrans. Yo te abitye « guetter » yo selon mo ki te itilize nan koloni an nan epòk la. « Gèt la vle di fè ava, bondi sou fi an, fè kadejak sou li ». Daprè istoryen an, le colon guette ta mère te vle di kolon an ap veye manman w pou fè bagay ak li. Li vle eksplwate l.

Pa t gen pyès fyète pou fanm esklav ki te kouche ak yon blan fransè sou tan lakoloni. Pwofesè Petit-Jean fè konnen nan pwen glwa pou yon moun ki sibi kadejak. « Yon esklav te ka byen kontan pou yon kolon kouche avè l. Men si moun k ap fè bagay ak ou a fè l pou l imilye w, pa ka gen plezi nan sa ». Pa t gen kè kontan tou lè yon ekslav te di yon lòt KLGM. 

Chwa KLGM nan diskou yo pa inosan 

Ekspresyon Kolangyèt Manman an soti nan imaj kadejak la pou rive nan imaj bouboun fanm gras a sikilasyon bouch an bouch. Nan tou 2 sans yo, sa souvan blese moun yo di sa. Se souvan fason pou moun mete kòlè yo deyò, soti nan yon senp diskisyon oubyen nan yon manifestasyon nan moman y ap voye wòch yo itilize l. Pou Yves Blot, ansyen dwayen Fakilte Etnoloji nan Inivèsite Leta Ayiti a, se fason pou ranfòse sa moun nan santi a. « Sa grandi rayisman, santiman ak vyolans moun nan ap degaje a. Voye wòch la se deja yon vyolans. Di Gyèt Manman an ba l plis fòs ». Nou t ap site antwopososyològ la ki ret kwè jouman yo se vyolasyon sa ki sakre nan sosyete yo. Se pou li rezon ki fè ayisyen itilize mo manman nan jouman yo. 

Gen plis chans pou gen fache lè mo manman an repete nan yon jouman. KLGM se egzanp ki pi klè a. 

Dérinx Petit-Jean, ki gen yon lisans nan antwopososyoloji, fè konnen sa gen rapò ak sa manman yo reprezante nan fanmi yo an Ayiti. « Pou ayisyen an, manman se sa k pi enpòtan. Pou l santi l byen lè l ap joure w, l ap itilize sa k pi chè pou ou a », daprè pwofesè a ki di gen moun ki plis swete yo joure l olye yo joure manman l. Li eksplike tou ayisyen pa renmen moun joure l sou yon pati nan kò l. « Sitou sou bouch yo ak pati jenital yo ». 

Antre nan manman, konn imaj ki rete aprè itilizasyon KLGM. Men pou di vre, si n kwè Sosyològ feminis Sabine Lamour, eslogan an pa gen rapò ak manman. « Li gen pou wè ak moun n ap pale a. Kòm nou vle blese l, nou atake moun li devlope premye lanmou avè l la ». Se nan sans sa tou yon manman konn joure pwòp pitit li Kolangyèt Manman w. 

Eslogan an voye yon imaj ki pa fè moun ki resevwa l la plezi ditou. Se kòmsi, nou toujou ap site Sabine Lamour, se yon envitasyon pou w gade manman w nan yon sans fanm ak gason oubyen tankou yon ti pa bon. « Pèsonn pa janm panse ak manman l nan fason sa. Chak moun wè manman l tankou yon moun san peche. Lè yon moun di w KLGM, se voye l voye w gade sa sosyete a pa t janm aprann ou gade », daprè sosyològ la. 

Kisa Kolangyèt Manman di an plis?

Gen moun ki konn eseye di Gyèt Papa pou joure moun. Men l pa yon sekrè pou pyès moun li pa peze lou menm jan ak Kolangyèt Manman (KLGM). Rezon an: manman pa gen menm valè ak papa pa bò isi. Men lè sosyete a pa deside gade medam yo kòm manman men pito kòm fanm, valè sa konn pa egziste ditou. Eslogan popilè k ap sal medam yo konn parèt pou kore lide sa. Se souvan nan yon bat je yo antre nan tout ti pale pa bò isi. 

Sabine Lamour, sosyològ ak feminis ret kwè si eslogan yo souvan fè referans ak medam yo, se paske se yon mwayen pou kontwole yo. KLGM lan li menm distenge l pami eslogan ki pale sou fanm yo nan sans li montre valè medam yo, sitou manman yo, genyen nan peyi a lè n analize reyaksyon moun yo di sa. Yon valè ki bay jarèt ak imaj fanm poto mitan sosyete a mete sou pye, pou eksplwate medam yo, sitou sa ki gen pitit yo. 


Jeff Mackenley GARCON