Enquet’Action (EA): Kòman sitiyasyon timoun yo ye an Ayiti an jeneral, sitou nan moman kriz la? Kòman kriz peyi an konnen la a afekte timoun yo?
Fédorah Pierre-Louis (EA): An Ayiti, gen yon ansanm lwa ki egziste pou pwoteje timoun kont tout kalte abi, maltretans ak vyolans. Pami tèks sila yo, nou ka site Konstitisyon ayisyèn 1987 la, lwa oktòb 2001 ki gen pou wè ak kesyon entèdiksyon vyolans kont timoun, lwa 2 jen 2014 la sou koze lit kont trèt ak trafik moun, lwa sou patènite, matènite ak filyasyon, lwa ak dekrè ki trete kesyon adopsyon an epi konvansyon entènasyonal dwa timoun.
20 novanm 1989, anpil nasyon nan mond lan te fè yon gwo pwomès ak tout timoun. Yon pwomès tout nasyon ta pral fè tout sa yo kapab pou yo respekte dwa tout timoun dwe genyen. An 1994, Ayiti te ratifye konvansyon dwa timoun yo e malgre sou papye gen anpil pwogrè ki reyalize pou fè avanse kesyon dwa timoun sitou nan sa ki gen pou wè ak mizanplas politik pwoteksyon. Men nan met politik sila yo sou pye gen anpil amelyorasyon ki merite fèt.
Sitiyasyon nan peyi a chak jou vinn pi frajil pou timoun yo. Domèn ki mennen anpil enkyetid nan kesyon dwa timoun se dwa a laswenyaj: se sèlman 40% timoun nan tout peyi a ki gen aksè ak lasante. Swen sante pa toujou aksèsib poutèt distans sant sante yo, fonksyonnman yo ak disponibilite pwofesyonèl sante yo e anpil paran pa gen kapasite pou peye sèvis sante pou timoun yo. Toujou nan kesyon sante a gen mòtalite enfantil la ki vrèman elve nan peyi a sitou pou kesyon ki gen pou wè ak maladi dyare, malnitrisyon, enfeksyon respirasyon, tibèkiloz, VIH.
“Byennèt timoun yo vrèman afekte’’
Yon lòt domèn ki koze anpil enkyetid an Ayiti, se kesyon travay fòse ak dwa pou timoun yo viv nan fanmi yo ak jistis penal pou timoun. Yon gwo majorite timoun pa ka benefisye ankenn sistèm pwoteksyon timoun. Gen anpil timoun ki pa gen aksè ak ledikasyon nan lekòl ki ta dwe yon pwen enpòtan pou ranfòse sistèm pwoteksyon an. Mete sou li jounen jodia a, kesyon aksè ak dlo, nitrisyon, sante, vin pi konplike e timoun yo afekte anpil.
Anpil timoun ap soufri grangou, anpil temwen e viktim anpil fòm vyolans k ap fèt nan peyi a e twomatis y ap sibi kounya ap afekte devlopman sikososyal yo. Mete sou li, anpil timoun toujou pa gen aksè ak ledikasyon.
Sitiyasyon kriz sa a yo fè timoun yo viktim izolman, laperèz, yo pèdi konfyans nan nou kòm granmoun ki sipoze pran swen yo. Tout sa mennen anpil konsekans sikolojik, difikilte pou yo aprann, estim pèsonnel yo, nou gen anpil timoun kap soufri yon fòm depresyon, sa ka fè yo gen anpil difikilte pou yo jere pwoblem e pou yo fòme relasyon ki makonnen ak lapè ak moun nan antouraj yo.
Sitiyasyon kriz la mennen anpil vyolasyon sou dwa timoun nan peyi a. Anpil jefò bezwen kontinye fèt pou tout aktè konsène yo aji imedyatman pou garanti dwa timoun yo, pou yo ka viv, grandi, aprann e pwogrese nan yon anviwonman ki san vyolans. Lè n ap konsidere remonte ensekirite a, gen majorite timoun ki pa ka al lekòl nan yon lanne ki ta sipoze kòmanse 3 oktòb. Kolera a ki ap retounen, byennèt timoun yo vrèman afekte. Kriz la vini akonpanye ak yon gwo remonte vyolans e dwa timoun yo genyen pou yo viv, pou yo jwenn ledikasyon, dlo pwòp, sante, nitrisyon menase anpil jounen jodia.
EA: “Inclusion pour chaque enfant” se ki tèm ki kenbe pou selebrasyon jounen mondyal timoun ane sila. Eske n ka pale de enklizyon timoun lè n gade reyalite Ayiti an? Poukisa?
FPL: Li enpòtan pou dabò nou konprann kisa ‘’Enklizyon pou chak timoun nan vle di’’. Sa vle di n ap enplike timoun yo nan plan nou genyen yo. Sa vle di n ap konstwi yon peyi pou timoun yo e ak timoun yo. Li vle di mete timoun yo nan mitan travay n ap fè yo, konsidere timoun yo nan desizyon n ap pran yo e nan zak n ap poze yo e priyorize byennèt yo nan plan nou genyen pou lavni peyi a. Tematik ane sa a ap chache pou ankouraje responsab yo otonomize timoun yo e ba yo chans ak plas pou yo wè e viv yon Ayiti ki pa mete sou kote okenn moun. Yon Ayiti kote tout moun egal ego e ka jwi de dwa yo menm jan.
Yon ‘’Enklizyon’’ ki konsène timoun k ap viv nan restavèk, timoun ki ap viv ak yon andikap fizik ou mantal, ti fi, kou ti gason. Tematik ane sa a vle an menm tan ankouraje granmoun, pou yo kreye yon anviwonnman kote timoun nan ka eksprime lide li genyen e pale e patisipe jan sa posib nan desizyon k ap pran sou lavi li. Lè n ap gade reyalite timoun yo nan peyi a nou pa ko ka di gen enklizyon.
Paske pou enklizyon an ka vrèman efikas e efisyan se dabò pou :
1) Tout timoun ta ka viv san vyolans (Vyolans fizik, sikolojik, seksyel, neglijans ak abi);
2) Pou ta gen opòtinite egal ak enklizyon sosyal pou tout timoun ;
3) Pout tout timoun ka jwenn aksè ak teknoloji ki ka pèmèt yo kontinye ak edikasyon yo, devlopman entelektyèl yo ;
4) Pou ta gen jistis ki adapte ak laj timoun yo ;
5) Pou tout timoun kapab gen moun ki reprezante yo ;
6) E dwa tout timoun respekte nan sitiyasyon kriz ak ijans.
‘’Timoun yo pa ka tann’’
EA: Eske leta ayisyen rive respekte diferan konvansyon entènasyonal li siyen yo ki gen rapò ak dwa timoun ? Poukisa?
FPL: Jan m te mansyone lè n te fenk kòmanse a, sistèm kad legal pwoteksyon timoun yo nan peyi a trè avangadis. Sa vle di nou fè anpil pwogrè nan kreyasyon lwa, dekrè, nan kesyon pwoteksyon timoun yo. Men, nan enplemantasyon lwa sa yo, se la a ki gen anpil jefò ki pou fèt. Li enpòtan pou nou konprann se pa sèlman Leta men nou tout ki dwe garanti Dwa timoun. Li pa sèlman responsabilite leta. Paran timoun yo, responsab timoun yo, lekòl, legliz, sosyete sivil la an jeneral dwe aji pou garanti dwa timoun yo.
Nan yon peyi an kriz, se nou tout ki pou mete men e ki pou santi nou konsène nan eliminasyon vyolans k ap fèt sou timoun. Li enpòtan pou tout plan ak estrateji ki elabore pa leta yo rive efektivman redwi sou detrès ak ensekirite timoun yo ap sibi. Li esansyèl pou tout aktè konsène yo fokis sou bezwen timoun yo, timoun k ap viv ak andikap, timoun tou patou nan peyi a. Li enpòtan pou nou fokis kòm peyi sou estrateji ekonomik k ap pèmèt fanmi yo ak kominote yo viv yon fason ki rezonab pou yo menm yo ka jwe wòl pwoteksyon yo dwe jwe a. Se nou tout ki dwe angaje nou nan nosyon pwoteksyon timoun pou reyalite Ayiti a ka amelyore.
EA: Ou gen yon bagay ou vle ajoute ? kisa l ap ye?
FPL: Sekirite moun ak sekirite chak timoun se yon eleman ki enpòtan anpil nan kesyon devlopman dirab yon sosyete ki chita sou dwa moun. Se kondisyon pou lapè jayi tout bon vre nan peyi a. Li ijan pou nou rive jwenn yon solisyon ak tout kalte kriz n ap travèse yo. Timoun yo pa ka tann, yo pa ta dwe ap tann pou yo sispann soufri, pou y ap mande kilè y ap tounen lekòl, pou yo pè viv nan pwòp peyi yo. Gen plizyè milyon timoun an Ayiti k ap soufri jodi a e yo reprezante yon bon pati nan popilasyon k ap responsab avni peyi a demen.
Nan kad 33 zyèm komemorasyon konvansyon sou dwa timoun yo, World Vision ap lanse, pa sèlman yon kri detrès, pa sèlman yon apèl pou aksyon men n ap lanse yo rèl ki soti nan kè nou, pou egzije aplikasyon konvansyon dwa timoun yo nan peyi a : kòmanse andedan lakay nou pou nou rive nan nivo nasyonal. Nou vle pwofite mansyone timoun ki afekte pa sitiyasyon migrasyon an, timoun ki pèdi paran yo, sila yo ki separe de paran yo a koz kriz la, timoun ki ekspoze ak lamizè e ki viktim tout fòm vyolans, timoun ki gen yon andikap, timoun ki pa ka al lekol, timoun ki grangou, timoun ki ap viv nan restavèk. Se responsabilite nou tout pou nou asire pou gen yon angajman ak askyon kowòdone pou pèmet dwa moun ak pwoteksyon timoun kapab respekte nan peyi a.
Ansanm n ap bezwen :
1) Kontinye konstwi alyans andedan divès sektè tankou sante, nitrisyon, edikasyon, pwoteksyon, pou ranfòse respè dwa timoun yo, ansanm ak manm kominote yo, manm legliz yo, reprezantan leta ak tout aktè kap travay pou lapè nan peyi a ;
2) Asire nou peyi a ka ofri resous pou enplemante pwogram ki bay enpòtans ak byennèt timoun sitou pandan nou ap viv nan sitiyasyon konfli ak kriz sa a ;
3) Asire nou ka enplemante solisyon ki efikas ki ka redwi kriz e ki ka gen yon enpak pozitif nan lavi timoun yo, espesyalman sila yo ki pi vilnerab yo.
Timoun yo merite sa ki pi bon an. Nou kapab fè sa. Se pa sèlman yon obligasyon jiridik ou moral, se yon responsabilite nou genyen fas ak limanite.
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.