Mouvman sosyal ayisyen ak dominiken yo ap rele anmwe devan malè pandye eksplwatasyon min yo reprezante. 22 jiyè se jounen entènasyonal pou batay kont eksplwatasyon endistriyèl min yo. Fowòm binasyonal sou min ak chanjman klima, nan okazyon jounen entènasyonal sa a, ap avèti tout moun sou konsekans eksplwatasyon min sou zile a ki menase forè yo, sous dlo yo, souverènte nan kesyon lamanjay. Nap envite tout òganizasyon pwogresis nan toulède peyi yo; Ekolojis yo, federasyon peyizan yo, ak tout sitwayen konsyan pou yo reflechi sou bilan dramatik aktivite min yo sou zile nou an depi 1492. Depi lè sa a yo te toujou ap kache dechèpiyay la dèyè yon seri pawòl dlololo-manipulasyon tankou « modènizasyon » ak « devlopman » kote yo pwomèt pwosperite ak byennèt pou tout moun. Sa nou jwenn okontrè se destriksyon anviwonman, enstabilite nan klima, ensekirite alimantè ak grangou.