Pratik relijye ak mistik: Gwo obstak pou gerizon maladi mantal an Ayiti

‘’Mak pitit’’ charye yon bann kliche ki lakoz fanm mal alèz nan kò yo

Kénise Phanord: «Jan sosyete a ye la fè medam yo ap veye pou sa yo te batay pou li yo pa disparèt»

« Fòk nou kraze mit ki fè kwè gason son bout blòk, yon bout fè e yon bout siman… ki pa ka viktim », Pascale Solages, feminis

Enquet’Action te fon ti bat bouch ak Pascale Solages, aktivis dwa moun epi kòdonatris jeneral òganizasyon feminis ki rele Negès Mawon ki akonpaye fanm ak tifi nan yon sosyete patriyakal tankou pa nou an ki viktim pi plis nan kesyon vyolans pase lòt kategori moun. Oryantasyon oganizasyon feminis lan se akonpanye fanm ak tifi nan kesyon dwa yo, devwa ak opòtinite, san yo pa rete avèg sou tout lòt ba

« Si gason an di yon fi vyole l, se tankou l sispann gason. Kidonk li pèdi virilite l »

Vyòl fanm fè sou gason, yon sijè konplèks moun preske pa pale isit menm jan ak nan peyi lòt bò dlo. Nan lide pou fouye zo nan kalalou nan kad yon gwo ankèt nou fè sou pwoblèm sosyal sa a, nou te al rankontre yon sosyològ ki pa vle non li site. Men li se pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) an e li devlope yon apwòch diferan de sa nou abitye tande chak jou yo. Lè l konsidere enpòtans pawòl yo, En

Lopital jistinyen, yon lopital sal tankou peny ti dan nan yon vil ki bandone

Vè ak pinèz nan sal matènite, limon ak pousyè nan sal operasyon, san konte blakawout, Lopital Jistinyen ki chita kò l nan vil Okap nan Nò peyi an, twouve l’ nan yon eta kritik. Depi lendi 14 mas pase an, tout medsen yo deside rantre an grèv nan lide pou egzije bon jan kondisyon travay. Enquet‘Action te ale sou plas pou al wè ak zye pa l nan ki kondisyon pwofesyonèl lasante yo ap travay – men tou

« Yo pa banalize vyòl sou gason, se pito moun yo ki pa pote plent », jij Norah Jean Francois

Nan lide pou fè lektè ak lektris li yo konprann pi byen kesyon vyòl ak asèlman sou gason, vyòl sou timoun, jwèt manman ak papa, sèks ant timoun, Enquet’Action te rankontre Norah Amilcar Jean François, ki se jij pou timoun. Avèk li, nou te diskite de sijè sa yo epi anpil lòt ankò ki pote gwo limyè sou yon bann fenomèn sosyal peyi an ap konnen depi kèk tan.

Lekòl Kominotè Matènwa: Yon lekòl tèt an wo nan yon peyi tèt an ba

Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) se yon lekòl k ap fè pwomosyon pou konbit ak devlopman. Depi lè li kreye nan lane 1996, LKM pote gwo chanjman nan kominote kote li tabli a. Avèk li, se yon lòt van k ap soufle nan Matènwa ki chita kò l nan mòn zile Lagonav.

Kèk nan divès rezon ki fè se devan legliz katolik ou wè pòv kap mande men pa devan legliz pwotestan

Mandisite se pa yon fenomèn ki fenk parèt an Ayiti. Men se yon bagay ki wè jou depi lè konkonm tap goumen ak berejèn. Menm si pyès moun pa ka di egzakteman kote l soti vrèman. Konsa, menm jan tan an ap chanje a se menm jan fenomèn mandisite a ap chanje chemiz tou. Men depi byen lontan devan legliz ak pawas Katolik yo te toujou baz moun k ap mande yo. Konsa pou nou ka konprann kote fenomèn nan soti

Ayiti: Vyòl fanm fè sou gason, ant banalizasyon ak enpinite

An Ayiti, 1 fanm sou 8 deklare yo sibi vyolans seksyèl omwens yon fwa nan lavi yo, selon Ankèt sou mòtalite, mòbidite ak itilizasyon sèvis yo (EMMUS-VI) ki sòti nan lane 2018. Epoutan se pa sèl fanm ki viktim, gen anpil gason ak ti gason k ap sibi vyolans seksyèl nan peyi a. Yon rapò Konsètasyon nasyonal kont vyolans sou fanm, ki kouvri peryòd jiyè 2011 rive jen 2012, pale de vyolans seksyèl ki fè

Jwèt Manman ak Papa: Yon mannyè espesyal, timoun inisye nan fè bagay an Ayiti

Jwèt Manman ak Papa fè pati jwèt timoun fè pou bay tèt yo plezi nan sa yo rele fè « dezòd ». Se youn pami jwèt ki bobo ak fè bagay. Lè n konsidere konsantman nan fè sèks lye ak laj epi timoun pa kapab bay garanti sa a, Enquet’Action, jounal enfòmasyon ak envestigasyon sou entènèt, deside fouye zo nan kalalou pou eseye kesyone reyalite sa a epi konprann sijè konplèks sa a pi byen.

Sabine Lamour: “Fanm pa sèlman yon kò, gason pa sèlman yon bann”

Depi plizyè lane pwodui virilite tankou grès kakawo, bave bèf ak lwil koulèv tounen sèl sovè pou anpil granmoun ak jèn gason k ap chèche kou chen fou pou fè peni yo gwo, long ak gen lajè. Lè yo pa di w se pou medam yo, yo di w se paske yo vle parèt tankou “gason” ki fè yo itilize yo. Nou menm nan redaksyon Enquet’Action, nou te ale wè Sabine Lamour ki se sosyològ ak feminis, sou kesyon an pou n sa

“Gason ayisyen konfonn longè peni yo ak andirans”, Woodjena Louis, iwològ

Anpil tijèn gason ak granmoun ap itilize pwodwi tankou grès kakawo, lwil koulèv ak bave bèf pou yo bay peni yo gwosè, longè ak lajè. Son pratik ki la depi plizyè dizèn lanne ki fèt nan gwo vil ak nan vil pwovens yo. Sanble gen anpil mit men tou anpil reyalite ki kache dèyè pratik sila. Eske gason ayisyen jeneralman gen ti peni vre? Kisa k fè gason ayisyen redwi tout yo menm ak yon sèl ògan nan kò

Norah Brutus: « La Covid-19 met à mal toutes les grandes sociétés du monde »

Malgré les retombées négatives de la pandémie Covid-19 tant à travers le monde qu'en Haïti, la professeure d'université, Norah Brutus, croit fermement en la résistance et la résilience du peuple haïtien pour surmonter cette crise qui traine derrière elle pas mal d'incertitudes. En dépit des inquiétantes prévisions de nombreuses institutions, elle doute que ce peuple puisse sombrer. «Les Haïtiens-n

Roosevelt Millard: « Nou nan yon sitiyasyon katastwofik »

Roosevelt Millard se travayè sosyal epi pwofesè nan Fakilte Syans Moun, youn nan antite nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA). Nan lide pou konprann pi byen kisa ki ap tann Ayiti ak kriz sanitè pandemi Kovid-19 lan pwovoke a, nou te al wè l pou yon ti bat bouch. Selon Misye Millard, leta ki deja an fayit pa gen volonte, ni kapasite, ni mwayen pou l kòlte ak katastwòf kap pwoche sou nou an. Pandan’l raple

Eddy Labossière : «Konsekans kriz sanitè a sou ekonomi ayisyèn nan ap fenomenal»

Kriz sanitè kovid-19 lan pwovoke a gen gwo enpak sou ekonomi peyi yo men tou sou sosyete yo. E Ayiti pap epanye nan katastwòf sa a. Pou Ekonomis Eddy Labossière, akoz anpil moun pèdi dyòb yo epi biznis ki fèmen isi ak lòt bò dlo, ekonomi ayisyèn nan ki te deja an degraba, pral bat ba pi rèd. « Se yon sitiyasyon ki katastwofik pou menaj ayisyen yo paske laplipa nan yo pa t ap travay deja. E tik

Auguste D’Meza : « San dyaspora, Ayiti pa egziste nan nivo ekonomik »

Kriz sanitè pandemi Kovid-19 la ap frape Ayiti trè fò. Selon anpil espesyalis, lap genyen gwo enpak sou ekonomi lokal lan. Nan lide pou’n konprann pi byen, nou te al fon ti bat bouch ak Auguste D’Meza, pwofesè nan Inivèsite epi kòmantatè politik. Daprè analiz li fè, jou kap vini yo sanble ap vinn pi sonb pou Ayisyen. Li menm pale de katastwòf, paske selon li menm an tèm refleksyon sou lavni, se ze