top of page

Eddy Labossière : «Konsekans kriz sanitè a sou ekonomi ayisyèn nan ap fenomenal»

Kriz sanitè kovid-19 lan pwovoke a gen gwo enpak sou ekonomi peyi yo men tou sou sosyete yo. E Ayiti pap epanye nan katastwòf sa a. Pou Ekonomis Eddy Labossière, akoz anpil moun pèdi dyòb yo epi biznis ki fèmen isi ak lòt bò dlo, ekonomi ayisyèn nan ki te deja an degraba, pral bat ba pi rèd.


« Se yon sitiyasyon ki katastwofik pou menaj ayisyen yo paske laplipa nan yo pa t ap travay deja. E tikal ki t ap travay la responsab yon pakèt moun e gen nan yo ki vin pèdi djòb yo. Oubyen yo vin paka al travay akoz istwa konfinman an paske sèl fason pou nou konbat pandemi sa a se chita lakay », daprè analiz Eddy Labossière.




Enquet’Action (EA): Eske ou konnen konbyen Ayisyen nan dyaspora a ki pèdi travay yo?

Eddy Labossière: Lap difisil pou gen chif egzakt pa sèlman pou Ayisyen. Pa egzanp m konnen ozetazini gen plis pase 30 milyon ameriken ki pèdi travay yo. E to chomaj ameriken se yon bagay ki depase swa 14 ak 15 pousan. Donk si gen tout moun sa yo ki pèdi travay yo, sètènman gen Ayisyèn adan l. E majorite moun sa yo kote y ap travay se nan otèl, transpò ak touris. Sektè sa yo pèdi anpil. Sa ki fè kantite Ayisyen ki pèdi travay ozetazini li anpil. Donk m paka gen chif. Chif pou m ta ba ou a se global e m paka pran Kanada paske m pa gen enfòmasyon presiz sou li. Donk l ap difisil pou w jwenn estatistik sa yo oubyen chif sa yo sou kantite presi Ayisyen ki pèdi travay yo swa Canada, Ozetazini, ak la Frans paske se nan mond lan, se tout kote maladi a ye. Donk fòk ou konnen gen yon bann moun ki pa al travay pou plizyè rezon. Evidamman genyen nan yo ki fè travay anliy, men m pa gen repons ak kesyon ou a. Kounya, sa ou te ka fè: ou ka pran apwoksimasyon. Kòman ou ka fè l antanke jounalis ? Si yo gen 14,6 % chomè ozetazini anben kounya pran popilasyon Ayisyèn nan lòtbo a pou ou ka dedui li nan nonb chomè a. Epi w ap wè konbyen ki nan chomaj. M pa konn si genyen yon milyon oubyen 2 milyon. Ann di gen 6 milyon, lè sa w ap pran 14 % de popilasyon Ayisyèn nan. Men ou paka pran sèlman ozetazini, fòk ou pran l Sendomeng, fò w pran l Kanada tou.


EA : Ki enpak chomaj peyi sa yo ap gen sou ekonomi nou ?

Si w ap rive sou ekonomi ayisyèn nan, fò m di ou dabò ou nan yon kriz sanitè. Donk kriz sanitè sa a anjandre plizyè lòt kriz. Li anjandre yon kriz ekonomik ki pa vin pou kont li. Li anjandre yon kriz finansye, li anjandre yon kriz sosyal tou. Donk sa m antann pa sa: lè w rive ozetazini ou jwenn ekonomi amerikèn nan sou lagraba, se yon ekonmi ki an resesyon.

Kilè ou rekonèt yon ekonmi an resesyon ? Se lè pwodiksyon li ap bese pandan 2 mwa youn dèyè lòt epi mache bousye a afekte. Depi bous ozetazini chite pandan 2 mwa youn dèyè lòt, PIB a pa ogmante enben ekonomi an an resesyon. Sa sa vle di ekonomi an resesyon ? Nan kad Kovid-19 la, li vle di to pwodiksyon an bese konsiderableman. Efektivman gen yon bann moun yo oblije - omwen 30 milyon moun - ki pa al travay, sa vle di moun sa yo p ap pwodui; e si yo p ap pwodui, sa vle di pwodiksyon amerikèn nan an chit lib. PIB ameriken an ap bese de plizyè pwen de pousantaj. Li pral gen yon bès 12 %, yon bagay nou pat janm wè depi 1929. E lè ou pran mache bousye, petèt ayisyen pa twò fò nan mache bousye, men si endis bousye a chite sa vle di ekonomi an ap tonbe. Epi an menm tan lè ou wè barik petwòl la ap bese tou. Donk se 3 gwo endis k ap pèmèt ou wè ekonomi mondyal la an resesyon. Se dabò w ap gade PIB a ou wè se bese l ap bese, dezyèmman se mache bousye a k ap pèdi, li te gen tarif 30 % kounya li desann nan 20 %. Tout siy sa yo montre w yon ekonomi an resesyon. Epi 3èmsiy lan se pri barik petwòl la. Dènyèman pri barik petwòl la te tonbe nan zewo epi apre li tonbe nan yon eleman negatif. Sa vle di yo ap fè ou kado petwòl si ou bezwen. Donk ou wè ekonomi an an resesyon. Kounya si ekonomi mondyal la an resesyon, ò pi gwo ekonomi mondyal se amerik. Donk si lamerik an resesyon tout lòt peyi yo pran. Youn nan premye yo, ozetazini vin gen yon bann moun ki p ap travay donk se leta ki oblije voye yon ti chèk ba yo. E ti chèk la pa menm ase. Yo voye 1200 dola bay chak moun pou 15 mwa. Mwen panse yon peyi tankou Amerik yo te ka bay omwen 2000 dola chak mwa, men avèk gouvènman repibliken an yo p ap fè sa. Men si se te yon gouvènman demokrat tout ameriken pandan 6 mwa t ap gen 2000 dola, antouka moun ki gen fèb reveni 75 mil dola pa ane. Se pa sa yo fè men de tout fason ekonomi an an kriz. Donk yo ba yo yon ti kòb pou kenbe. Bon, jan ou wè prezidan an la a, l ap goumen pou moun yo retounen nan travay, men l ap trè difisil paske maladi a la. Mwen pa rete kwè moun yo ap prefere sante yo pou lajan. De tout fason ekonomi sa yo, konsekans lan vrèman dramatik pou ameriken ak yon ekonomi ki t ap mennen tout mwa janvye epi kounya pou ou wè l nan eta sa a. Donk moun yo pèdi travay yo epi PIB ameriken an ap bese, chomaj la monte preske nan 15 %. « Donc c’est vraiment la catastrophe pour une grande économie mondiale et les autres économies aussi telles », la Republique Dominicaine ki parèy e yo gen yon pakèt moun k ap mouri nan kriz sanitè a e yo gen gwo konsekans kote pwodiksyon yo a ap bese. E yo menm ki te toujou ap goumen pou ekspòte pwodui yo an Ayiti, yo p ap menm ka fè l paske yo pa genyen e ti sa yo pwodui a se pou tèt yo li ye. Jodi a si yo fè pwodiksyon, yo kenbe l pou yo.

« Maintenant quelle est la conséquence pour Haiti ? » Konsekans lan fenomenal paske kriz sanitè sa a avèk istwa kowonaviris la se katastwòf paske premye bagay la nou gen yon vye ekonomi piske gen anpil moun ki pèdi jòb yo an Ayiti akoz gen anpil biznis ki fèmen. Pa egzanp moun sektè touris ak otèl yo, restoran yo. Gen yon seri restoran jodia lè ou al ladan yo se yon tristès paske pa gen moun ladan yo, sa vle di gen yon bann moun ki pèdi jòb yo.

Donk an Ayiti ki konsekans fezab: dabò gen konsekans entèn paske moun yo pèdi travay yo tou. Akoz maladi a gen antrepriz ki oblije fèmen pòt yo: yo pa vann sifizamman, elatriye. Donk yo pa gen revni e lè moun nan pa gen reveni se grangou. E fòk nou pa sezi wè trè byento pral gen yon « emeute de la faim » an Ayiti paske gen yon pakèt moun ki pa gen revni pou fè fas ak responsablite yo e an menm tan tou yo konfine, yo paka sòti. E ekonomi Ayisyèn nan se yon ekonomi esansyèlman enfomèl. Anben sa sa vle di ? Se lè ou sòti pou jwenn kòb pou ou manje, anben si ou konfine lakay ou, grangou ap touye ou. Anben yon pati nan popilasyon an twouve yo anfas dilèm sa a: oubyen yo kite grangou tiye yo oubyen yo kite maladi a tiye yo. Gen anpil moun ki di yo prefere kite maladi a tiye yo, ou wè yo pran lari a san mas. Donk, se yon sitiyasyon katastwofik pou menaj ayisyen yo paske laplipa nan yo pa t ap travay deja. E tikal ki t ap travay la responsab yon pakèt moun e gen nan yo ki vin pèdi djòb yo. Oubyen yo vin paka al travay akoz istwa konfinman an paske sèl fason pou nou konbat pandemi sa a se chita lakay. Kounya si moun nan chita lakay li gouvènman an pa gen mwayen pou l voye lajan ba yo. Gouvènman an anonse yon 3 mil goud l ap voye bay moun yo jouskaprezan gen yon pakèt moun k ap plenyen yo pa jwenn li. E menm lè moun nan jwenn li, 3 000 mil goud sa l ka fè jodi a lè ou nan yon sitiyasyon kote pou yon dola ameriken ou bezwen anviwon110 goud. Donk se yon sitiyasyon vrèman katastwofik menm leta tou p ap rantre lajan paske si antrepriz yo p ap travay donk yo pa gen chif dafè.

E chif dafè a leta p ap genyen l. Si moun nan pa pral travay li p ap peye enpo sou revni paske l pa gen revni. « Les importations ont baissé considérablement parce que les frontières sont fermées ». Donk sa ki fè DGI p ap rantre lajan paske l p ap gen taks sou chif dafè, li p ap gen enpo sou revni, ladwann p ap rantre kòb paske enpòtasyon yo an bès akoz fwontyè yo fèmen. Donk leta p ap gen lajan, li pral nan kriz alòske l te deja nan kriz. Pou leta peye moun yo la petèt se ak èd entènasyonal alòske l pa anpil. Sa nou rele kreyasyon monetè a se kreye lajan atravè bank santral, se li ki kreye lajan paske pa genyen. E depi gen kreyasyon monè nan yon ti peyi pòv sa pral koz genyen non selman enflasyon, men li pral depresye monè nasyonal la. Se sa k fè jodi a ou bezwen anviwon110 gd pou yon dola.

Donk kriz la total, e mwen menm pi gwo krent mwen nan tout sa m ap di yo la, pa bliye mwen di gen yon kriz sanitè, gen yon kriz ekonomik, finansye, gen yon kriz sosyal. Donk nan kriz sosyal la popilasyon an pral remèt ou sa nou te rele an 2008 la yon « emeute de la faim ». E li kòmanse fèt nan kèk peyi : « Emeute de la faim » kote moun yo sot nan lari yo di yo grangou kote yo ap kraze, yo ap piye. Yo te fè sa an Ayiti an 2008, e se wout sa ou ye la a paske moun nan chita anndan lakay li, li p ap travay, li pa gen revni e leta pa voye yon ti kòb ba li. E menm lè finalman leta ta voye yon ti 3 000 goud pou li, li p ap ka fè anyen pou li. Sa 3 000 mil goud ka fè pou li ? li ka ba li yon jounen, yon jounen edmi manje. Men apre sa grangou ap tounen sou li ankò. Donk se yon kriz vrèman tèrib. Bon m espere finalman nou sòti ladan l.


EA : Ki pwa dyaspora genyen nan ekonomi ayisyèn nan ?

Tout moun konn pwa li. Pandan 3 dènye ane sa yo, diaspora yo voye preske 3 milya dola vèt ba nou. Se petèt « flux » monetè ki pi enpòtan. Se pi gwo lajan ki rantre nan peyi a. Gen yon ti lajan ki rantre nan peyi a men li pa anpil. Se lè yo ekspòte, se yon bagay ki nan 1,1 milya dola ameriken. Apre sa èd etranje se yon bagay ki apenn nan kèk milyon: se yon bagay tou piti. Donk pi gwo « flux monétaire » ki rantre ane pase se 3.3 milya dola e se dyaspora ki voye l ba nou. E se yon « flux monétaire » ki pèmèt ou menm peye enpòtasyon. Kounya sa k pral pase ?

Mwen p ap kouri avanse chif. Se tout tan gwo enstitisyon entènasyonal yo ap fè erè : Bank mondyal, FMI anonse nan transfè moun yo nou pral pèdi ant 30 ak 35 % nan lemond antye. Men mwen, m pa kouri fè bagay sa yo. Etandone enpòtans transfè dyaspora a pou nou, de tout fason nou konnen li pral gen yon konsekans negatif paske si dyaspora pèdi travay li lòtbò a li ka pa an mezi pou l voye menm kantite li te konn voye an; l ap voye kanmèm paske si yo gen manman oubyen yon fanmi an Ayiti, menmsi bagay la di lòt bò a kèlkeswa sa yo jwenn nan y ap voye l. Donk mwen poko ka vrèman pwononse m paske lè gen otorite ozetazini k ap fè anpil mannèv pou ekonomi yo ka reprann byenke gen moun ki di si y ap fòse moun yo pran risk ak lavi yo, yo ka kreye yon vag 200 mil a 300 mil mò, men nan moman an gen tantativ k ap fèt pou yo relanse ekonomi an. Imedyatman ekonomi an demare, dyaspora pral retounen nan travay li. Donk katastwòf ki di nou pral pèdi yon bon pati nan transfè nou an poko evidan. Men nan yon mannyè jeneral, ka gen yon sèten bès. Men m paka pwononse mwen paske transfè dyaspora se li ki fè viv yon pakèt fanmi ayisyen. Yo pa voye gwo kòb non, se 30-50 dola jiska 20 dola pafwa lè ou al nan biwo gen moun ki konn vin chèche 20 dola, 100, 300 dola, men lè ou mete tout ti bagay sa yo ansanm, se li ki ba ou 3.3 milya dola ameriken an.

Donk sètennman ka gen yon bès men m pa vle pwononse m sou li. E depi gen bès se yon move nouvèl pou Ayiti paske se pi gwo lajan ki rantre nan peyi a en « terme de devise ». Donk se yon move bagay k ap pase nan peyi devlope yo. Paske w ap gade sendomeng gen anpil ayisyen ki tounen yon fason enfòmèl alòske se moun ki te nan sektè agrikòl, kounya m pa konnen kouman Dominiken pral fè ak pwodiksyon agrikòl yo paske ayisyen travèse fwontyè a nan yon fason enfòmèl. An gwo ap gen yon bès nan transfè dyaspora a ki se 3.3 milya dola paske ti lajan sa a lè yo voye l bay moun nan se pou l ka manje. Sa vle di nan tèm ki klè, grangou pral ogmante nan peyi a paske l ap bese kanmèm menmsi m pa vle ba ou chif paske m p ap fè menm jan ak gwo eskpè bank mondyal yo. Mwen paka di l paske gen anpil efò k ap fèt pou gwo ekonomi yo redemare. Men sa m ka konsede sèke ap gen yon bès, men l ap negatif pou Ayiti paske nou pa gen lòt « flux monétaire », nou pa gen ekspòtasyon, nou pa gen pwodiksyon pou n ekspòte pou n fè gwo lajan rantre nan peyi a. Donk se ti lajan sa a ki te reprezante yon ti oksijèn pou nou. Men depi li bese, se ap yon bagay negatif pou nou paske ajan ekonomik yo p ap gen mwayen pou yo konsome. Donk sa vle di grangou ak mizè pral ogmante an Ayiti.


EA : Donk ou di nan jou k ap vini yo la nou riske pran yon « emeute de la faim » ?

Wi. Wi. Nou te genyen l deja. Okontrè se paske nou se yon pèp ki trè rezilyan ki fè nou poko genyen l deja. Te dwe genyen youn deja paske gen yon pakèt moun w ap wè k ap mande kounya alòske yo pat konn fè l. Gen yon bagay dwòl. Donk moun yo pa gen revni. Donk nou sou wout « emeute de la faim » an, men kòm nou se yon pèp ki rezilyan yo pa fè l. Nou reziye nou goumen ak grangou a, men gen lòt pèp ki gentan pran lari an tèm « emeute de la faim ». Men nou menm nou tèlman abitye ak grangou, nou reziye nou. Men gen yon pakèt ayisyen pandan m ap pale avè w la ki nan ekstrèm povrete, ki nan sityasyon kriz alimantè, men ki rete lakay yo petèt lè bagay la twòp pou yo, yo mete yon grenn sèl anba lang yo pou yo lite ak grangou a.


EA : Ki konsekans eta dijans leta te deklare 19 mas la ap genyen sou ekonomi nou an ?

EL :Se pa tout moun ki rantre lakay yo, gen yon pati ki rantre lakay yo. Men anpil moun nan sektè enfòmèl la kontinye ap fonksyone. Paske yo klè avè w gouvènman an pa bay anyen e gouvènman an paka bay anyen paske l pa gen anyen. Anben yon konsekans konsa se ralantisman aktivite yo. E yon ralantisman aktivite vle di gen mwens sèvis k ap pwodui nan peyi a sa ki fè pwodiksyon nasyonal la ap an bès epi PIB a an bès. Donk ou pral konstate kantite grangou ap ogmante. Donk moun ki nan sityasyon mizè tankou sityasyon ensekirite alimantè, kriz alimantè fè gen plis grangou nan peyi a. Se konsekans lan wi paske si moun nan pa al travay sitou sektè enfomèl la. Paske moun nan se sou travay li li viv, se pou l sòti nan lari a sil jwenn yon bagay pou l achte yon chen janbe epi pou l pot ti kal lakay li. Epi demen pou l resòti al bwase, sa se pou moun ki nan sektè enfòmèl yo. Paskejeneralman lè moun nan nan sektè enfòmèl li paka akimile paske sa l fè a se jis pou l viv « au jour le jour ». Donk jou li pa sòti al nan mache a li p ap ka viv.

EA : Ki mezi leta ta sipoze adopte pou redwi nan enpak kriz la pral genyen sou menaj yo an Ayiti ki t ap viv sou kont dyaspora a ?

Se anndan pou gouvènman an ta chèche pran kèk mezi. Men li pa gen mwayen. Se yon bann moun ki pa t ap travay deja e gen yon pakèt ki vin pèdi travay yo. Donk moun sa yo pa gen revni, si moun nan pa gen revni, li pa gen salè. E si l pa gen salè, li p ap ka achte. Donk si l paka achte se grangou ki pral bat li.

Donk se poutèt sa nou te di grangou ap ogmante nan peyi a. E moun ki nan sityasyon ijans ensekirite alimantè ogmante konsiderableman. ò mwatye popilasyon an nan sityasyon povrete.

Donk sa gouvènman an ka fè, li pa gen anpil mwayen, menmsi li tante yon bagay nan eseye voye 3 mil goud bay chak moun, gen anpil moun ki gen lè poko jwenn li. E jan bagay la ye genlè gouvenman an pa gen mwayen pou l bay tout moun. Lòt bagay gouvènman an ka fè se al nan pwodiksyon agrikòl paske gen yon seri pwodiksyon agrikòl anpil agwonòm bay ki pa pran anpil kou tankou nou gen mayi, nou gen patat ak yon seri lòt pwodui nou ka fè yo nan sikl ki kout, men pou sa gen kèk mezi pou gouvènman an ta pran paske pwodiksyon dominikèn nan p ap rive an Ayiti. Donk se yon okazyon pou gouvènman an mennen yon aksyon pou rezoud pwoblèm ki gen la a, men an menm tan li ka rezoud pwoblèm enpòtasyon yon bann pwodui nou te ka fè an Ayiti. Donk pou sa fèt, premye bagay pou gouvènman an fè pou moun ki gen yon sifas ki vo yon ekta, se pou li ta sibvansyone semans ak angrè pou yo pou pèmèt yo fè pwodiksyon nan sikl ki kout. Dezyèmman se pou’l pran ekipman CNE li te achte yo pou kòmanse chèche bay moun yo dlo. Fòk li al nan kano irigasyon yo paske gen yon bann peyizan ki ta pwodui men yo pa gen dlo. Twazyèmman pou moun ki se gwo pwopriyetè yo, gouvènman an ta sipoze bay moun sa yo yon kredi-akonpaye apati yon bank envestisman. Kredi sa a se pa pou sibvansyon men se pou akonpanye yo. Lè sa ou bal yon moso kòb chak tan pou ou wè sa l ap regle avè l. Katriyèmman sa pou gouvènman an fè: se pou l ta sekirize chèn apwovizyonman an, ni sa yo rele estrikti fonsye a. Donk fòk gouvènman an retabli yon sekirite fonsyè.

Propos recueillis par Dougenie Michel Archille

Cet effort d’information sur le Covid-19 durant la crise a obtenu le soutien de FOKAL.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación

À la une

bottom of page