top of page

Lekòl Kominotè Matènwa: Yon lekòl tèt an wo nan yon peyi tèt an ba

Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) se yon lekòl k ap fè pwomosyon pou konbit ak devlopman. Depi lè li kreye nan lane 1996, LKM pote gwo chanjman nan kominote kote li tabli a. Avèk li, se yon lòt van k ap soufle nan Matènwa ki chita kò l nan mòn zile Lagonav.

Repòtaj

Li fè 7 è nan maten. Nan baryè a, gen 2 manm pèsonèl la ki kanpe pou resevwa ti moun yo. Youn ap veye si yo mete kach nen, lòt la avèk yon tèmomèt nan men l ap pran tanperati chak grenn moun k ap rantre. Nou nan lakou Lekòl Kominotè Matènwa ki gen ti non jwèt “LKM”. Maten an sou lakou lekòl la, pa gen kote pou pike zepeng ak ti moun epi paran ki pa t ka tann pou lekòl la relouvri. Se kòm si yo te sòti lekòl la sa gen syèk, poutan sa pa menm gen 2 semèn depi lekòl la te bay vakans. Nan vizaj tout ti moun yo, nou remake yon lajwa san parèy, yon kontantman pou tounen lekòl epi rewè ti zanmi yo.


Lakou a kouvri ak pye bwa. Nan chak kwen nou pase, gen plizyè ti moun k ap manje, genyen k ap tann manje pa yo devan kwizin nan epi gen yon lòt pati k ap lave asyèt yo. Paske prensip la se: depi yo rantre nan lekòl la, fòk yo manje. "Si ti moun yo pa manje yo p ap ka aprann. Se premye manje nan jounen an ki pi enpòtan", se sa fondatris epi direktris LKM nan, Chris H. Low, fè nou konnen.


Kounye a li fè 8 è. Tou prè baryè a, gen yon ti gason ki gen yon lanbi nan men l, l ap soufle pou elèv yo ak paran yo ka rasanble pou al fòme yon wonn diskisyon sou prensip ak objektif ane lekòl la ki fenk kòmanse a. Aprè lanbi an fin konnen, tout moun — paran, elèv, pwofesè ak manm pèsonèl la — ap dirije yo sou yon lakou devan lekòl la kote yo pase prèske 1 è d tan ap diskite sou prensip ak mezi ki dwe aplike pou ane a. Aprè ti diskisyon an, tout moun antre nan sal yo. Se devan sal 6èm ane an nou rankontre Wendy Succès ki gen sou li yon pantalon ble maren ak yon chemiz blan ki pote inisyal lekòl la. Li kanpe tou kole ak mi klas la, li pa ka tann pou lòt ti moun yo rantre nan sal la. "Mwen aprann byen. Yo pa fè bri nan tèt mwen. Yo pa leve men sou mwen. Lè nou fè yon dezòd, yo sèlman mete nou kanpe", se sa li di nou.


Kontrèman ak anpil lekòl nan peyi d Ayiti, espesyalman lekòl piblik yo, kote sal klas yo pafwa konn pa menm ka akeyi yon bon dizèn elèv san yo pa kwense youn sou lòt, nan LKM konstriksyon sal yo diferan. Anpil nan yo fèt an fòm chato epi yo kouvri ak tòl. Pifò nan yo se ban ki fèt ak siman epi yo dispoze an wonn. Anndan chak grenn sal, sòti nan preskolè pou rive nan klas filo, kantite elèv la sanble pa depase 15.

Daprè sa nou remake pandan 3 jou obsèvasyon nou te fè nan lekòl la, majorite elèv yo gen laj nòmal, kontrèman ak lekòl nan lòt rejyon yo. Sa ki vle di, nan kominote Matènwa, non sèlman ti moun yo frekante lekòl bonè ak laj nòmal yo; men, anpil nan yo fini etid yo bonè.


Lòt bagay ankò nou remake, LKM mete yon klinik disponib pou elèv yo ak pou tout sitwayen Matènwa ki ta bezwen yon premye swen. Pandan nou te la, nou te swiv asistans medikal yon jèn gason te jwenn nan men enfimyè ki reskonsab la. Enfimyè a te ba li yon pansman nan pye l. Sa nou dekouvri ankò, menm si lekòl la kenbe yon pakèt bagay nan tradisyon nou kòm Ayisyen, sa pa anpeche li fè inovasyon nan fason li fonksyone. Pa egzanp, pa gen anpil lekòl ann Ayiti ki posede yon klinik, sal enfòmatik, libreri ak bibliyotèk. E LKM menm gen plizyè akwaryòm kote yo montre ti moun yo fè sa yo rele “pisikilti” – ki donk gadinay pwason.


Òdinèman, lekòl nan peyi isit se kèk grenn chèz ak kèk tablo ki fè l. Genyen nan yo, menm yon bon kouvèti yo pa genyen, se toujou anpil kouri ki genyen lè lapli ap tonbe. Men, nan LKM byennèt elèv yo se youn nan pi gwo priyorite responsab yo paske menm ranp yo fè pou ti moun ki ta gen yon andikap. Delson Engerville, ki se sekretè lekòl la, fè n konnen: "Depi lekòl la fèt, nou resevwa 2 ti moun ki gen andikap deja, yo pa t ka mache; malerezman, yo tou 2 te vin mouri".


LKM, yon lekòl ki charye yon lòt vizyon


Depi lè li kreye sa gen 25 lane, Lekòl Kominotè Matenwa (LKM) pote anpil chanjman nan zafè ansèyman nan peyi d Ayiti. “Nou plis pale kreyòl, nou gen plis liv an kreyòl e tout sa n ap fè nou fèl l an kreyòl. Nou manje lokal. Nan nivo primè, se 95% ansèyman an ki fèt nan lang kreyòl”, se sa Mirlanda Fleurant ki se bibliyotekè lekòl la fè nou konnen nan yon ti bat bouch nou te gen avèk li. Nou te sezi wè gwo kantite liv ki egziste nan lang kreyòl.

Kontrèman ak anpil lekòl nan peyi d Ayiti kote se sèl lang fransè a ki gen vwa o chapit, nan LKM lang kreyòl la se li menm ki lang prensipal nan ansèyman sitou nan klas primè yo. “Kreyòl la se premye lang aprantisaj nou paske nou vin konprann pou yon moun aprann pi byen fòk se nan lang manman l ak papa l pou li aprann. Li aprann pi byen, li konn pale, li ka poze kesyon, li ka esprime li nan lang li byen fasilman”, si n kwè pawòl Gypso André ki se Direktè nan nivo segondè epi pwofesè nan klas 6e ane. Sòti nan preskolè pou rive nan klas 3èm ane, tout aprantisaj lan fèt an kreyòl epi pifò liv yo ekri an kreyòl. Men, sa pa anpeche ti moun yo aprann lòt lang yo paske selon kofondatè lekòl la, Abner Sauveur, “Nou pa fè yon lekòl kreyòl. Nou fè yon lekòl kote nou priyorize lang matènèl nou paske nou konnen yon moun pa ka aprann san li pa byen aprannn nan premye lang li leve jwenn nan”.


Ansèyman nan lang kreyòl la pèmèt lekòl sila rezoud plizyè pwoblèm nan kominote Matènwa, tankou fristrasyon, esklizyon ak rapò mi wo mi ba ant aprenan ak anseyan. Epi tou, sa vin ride vin gen rapwochman ant elèv ak pwofesè epi ant paran ak elèv. Sa tou sa vin kreye yon konvivyalite nan mitan elèv yo. Youn konprann lòt. Epi yo vin priyorize dyalòg lè gen yon ti pwoblèm nan mitan yo. Kominikasyon san vyolans, se youn nan pi gwo prensip ki genyen nan lekòl la. "Nan lekòl la youn veye sou lòt. Yon moun gen dwa fè yon bagay mal epi yo di l pa fè l epi li tande. Konn gen ti diskisyon vre, men pa janm gen goumen. Tout moun se zanmi", sa se pawòl Junelson Louissaint, ki se elèv segondè II. Li gen 19 lane, l ap travay nan lekòl la kòm librè adjwen.


Nan yon atik lengwis ayisyen Michel DeGraff ekri avek Glenda Stump nan lane 2018, li fè konnen daprè yon ankèt li te mennen sou avantaj aprantisaj an kreyòl, elèv yo ki soti nan lekòl sa a rive vin lontan pi maton nan lekti ak ekriti pase lòt elèv k ap etidye nan sistèm fransè a. Daprè sa li dekouvri, elèv 3èm ane nan LKM rive li 60 mo nan yon minit kontrèman ak lòt elèv 3èm ane nan lòt lekòl ki rive li sèlman 23 mo nan yon minit.


Plizyè paran avèk elèv fè n konnen aprantisaj an kreyòl pèmet ti moun yo konprann pi rapid epi li fè yo vin entèlijan anpil. Men, aprantisaj la sanble se pa pou sèl ti moun yo li benefik. “Se yon bon lekòl paske li ede nou avanse pi vit, epi li ede nou avanse pi vit avèk ti moun yo. Nou menm paran si nou pa t konnen yon bagay nan lang kreyòl la, yo aprann nou li. Yo fè nou santi sa lang lan ye vrèman”, se sa Kettly Jean, 34 lane, te rakonte nou. Li se paran 2 elèv nan lekòl la. Epi tou, li se yon ansyen elèv lekòl.


Yon lekòl ki valorize kreyasyon ak lakilti


“Yon elèv pa ta sipoze sòti LKM pou li pa soti ak yon bagay pou li viv demen”, sa se pawòl Junelson Louissaint. Mete sou aprantisaj ki fèt nan lang kreyòl ki se youn nan jès ki montre atachman lekòl la ak kilti ayisyen an, tout elèv nan lekòl sa a gen yon kou kote yo montre yo fè jaden. Anpil nan rekòt sa yo, yo vann yo bay kwizinyèz k ap fè manje nan lekòl la. Menm jan ak nenpòt lòt kou, jadinaj la se yon kou ki obligatwa pou elèv yo.


Nan lekòl sa a, ti moun yo pa sèlman vin aprann pou yo pase egzamen; yo aprann kreye tou. Depi nan premye klas yo, tout elèv yo ekri yon seri liv ki rele LLM (Liv ki ekri nan lang manman). Liv sa yo, yo mete yo nan bibliyotèk ak nan libreri lekòl la pou vann. Epi yo vann lòt lekòl nan rejyon an tou. Epi tou, genyen nan liv sa yo ki disponib gratis ti cheri sou Platfòm MIT-Ayiti: http://MIT-Ayiti.NET. Ti moun yo aprann metye tou. Junelson Louissaint kontinye esplike nou:Lekòl la pa lage ou kòm si pou ou gen chwa pou ou aprann tèl oubyen tèl bagay. Li montre w tout epi se ou ki pral chwazi sa ou plis renmen an. Yo montre w fè jaden, ebenis, atizana, kouti epi jwe mizik”. Epi chak vandredi tout elèv yo pratike espò tankou baskèt ak foutbòl.


Ti moun yo pa sèlman gen kontak ak liv bonè; yo gen kontak avèk teknoloji a tou paske gen yon sal enfòmatik kote yo aprann manye aparèy elektwonik tankou òdinatè dèsktòp ak laptòp. Epi tou, ta sanble chak grenn elèv posede yon Kindle ki pèmèt yo li pifò liv ki nan bibliyotèk la nenpòt ki kote yo ye. Sa ki fè pandan konfinman pou Kovid-19 lan, yo te kontinye fè lekòl malgre tout aktivite yo te kanpe. “Gen de jou nou prepare leson ak devwa yo epi nou rele paran yo vin pran yo avèk mas. Nou ba yo li al travay lakay yo epi apre yon delè yo pote yo vini ba nou”, se sa Direktè nivo segondè a, Gypso André fè konnen.


Nan lekòl la, prèske gen menm valè fi ak gason k ap etidye. Epi gen menm valè fi ak gason k ap anseye. Epi se 2 vakasyon ki genyen: premye a ki se pati primè a genyen yon fi nan tèt li ki jwe wòl direktris adjwen. Vakasyon aprè midi a se yon direktè adjwen ki gason k ap dirije li.


Toujou nan atik DeGraff ak Stump lan, yo fè konnen, ann Ayiti, malgre se nan lang fransè yo fè ti moun yo etidye ladan, se sèlman 3% popilasyon an ki konprann epi pale fransè fen e byen. Sa vle di, depi lekòl la ap fèt an franse, pifò nan anseyan yo pa vreman alèz nan lang y ap anseye ladan an. Sa ki vin kreye yon rapò mi wo mi ba anndan sosyete a daprè sa Mesye Sauveur fè konnen. “Fransè kreye yon ripti nan mitan relasyon moun ak moun, menm nan relasyon ant paran ak elèv. Sistèm nan pa fòme ase moun ki pou fòme moun an fransè. Paske kreyòl la gen yon respè ladan l avèk yon egalite ant moun ladan l se poutèt sa nou deside fè yon lekòl ki priyorize lang kreyòl. Se kòm si nou fè yon lekòl konsyans”.


Yon lekòl ki enplike nan kominote l


Lekòl Kominotè Matènwa pa sèlman yon lekòl; men tou, se yon gid pou kominote Matènwa. Depi lè li kreye, li revolisyone yon pakèt pratik paran avèk lekòl genyen ann Ayiti. Kon sa, anndan lekòl la, reskonsab yo entèdi yon seri pratik tankou bat ti moun, pini ti moun ak maltrete yo. Se sa k fè yo toujou òganize yon wonn diskisyon ant paran, elèv, pwofesè avèk responsab lekòl la pou yo ka diskite sou sa ki pa mache byen epi pou yo ka chèche solisyon. Pratik pa bat ti moun nan vin tabli kò li nèt ale nan tout kominote Matènwa: LKM ankouraje paran yo pou yo pa janm leve men sou ti moun yo; pito se diskite paran yo diskite ak ti moun yo.

Responsab yo priyorize sa yo rele “kominikasyon san vyolans” lan epi yo fè fòmasyon souvan pou paran yo atravè yon pwogram espesifik kote yo ede yo reflechi sou pi bon kondisyon yo dwe trete ti moun yo. Epi tou, anndan wonn diskisyon sa a, responsab yo manyen yon pakèt domèn tankou: Dwa ti moun ak kominikasyon san vyolans. Madan Low sonje, lè li te fenk vini, se tout kote nan zòn nan li te konn tande jan y ap bat ti moun, kouri dèyè yo epi tire kout wòch sou yo.


Avèk LKM, se yon lòt van k ap soufle nan Matènwa paske, depi lè li kreye a, li chanje fason moun yo panse epi li enfliyanse yo nan poze bon zak. “Lè nou te vin isit la, pa t gen yon grenn pye bwa. Men, gras ak fòmasyon nou yo, moun yo vin pran konsyans epi yo pa koupe pye bwa yo ankò”, se sa fondatris lekòl la, Chris Low, fè nou konnen nan ti bat bouch nou te gen avè l.


Selon sa Kofondatè lekòl lan, Abner Sauveur, fè konnen, bagay yo pa t fasil pou yo nan kòmansman paske yo te jwenn anpil difikilte sou wout yo. “Pi gwo pwoblèm nan se te lang nan. Nou t ap mande tèt nou eske nou vle fè yon lekòl an kreyòl pou Matènwa sèlman. E rès gran tè (egal: rès peyi a)? Epi tou, lòt kontrent tou se pou lòt lekòl yo te dakò swiv sa n ap fè a. Yo pa t vle swiv sa n ap fè a. Yo te menm konn rele ti moun ki soti LKM, “ti moun lekòl kreyòl”. Sa te vle di “ti moun afè pa bon”. Yo te menm rive nan yon moman, kote gen paran k ap retire ti moun yo lekòl la, al mete yo nan lòt lekòl – poutèt se nan lang kreyòl nou anseye.


Youn nan bagay ki fè anpil moun te kòmanse swiv enstitisyon eskolè sa a, se gras ak pèfomans ti moun yo. Selon sa responsab yo konstate, ti moun yo aprann pi byen epi yo konprann pi rapid nan lang kreyòl. Donk sa montre koze aprantisaj nan lang kreyòl pa reprezante okenn baryè pou ti moun yo. Yo bay bon rezilta nan egzamen ofisyèl yo tou. Epi tou, nenpòt ti moun ki soti lekòl sa a ka rantre nan nenpòt lòt lekòl, paske l genyen yon bon nivo.


Depi 25 lane egzistans, lekòl sa reyalize yon pakèt bagay nan Matènwa. Li fòme anpil ti moun ak anpil gran moun atravè pwogram alfabetizasyon yo mete sou pye. Gen plis pase 64 lekòl ki soti nan kat kwen peyi a (tankou : Senmak, Jakmèl, Kenskòf ak Leyogan) ki gentan benefisye fòmasyon nan men yo. Pou kounye a, li gen 18 lekòl nan komin Ansagalè ki gen patenarya avèk li pou yo ka renove sistèm ansèyman yo a.

Li fè ekzakteman 1 è nan aprè midi, lanbi a sonnen ankò. Fwa sa a se pa pou anonse rekreyasyon, non; men, se pou ti moun premye klas yo rantre lakay yo pou elèv segondè yo ka rantre nan sal. Sou lakou a, tout ti moun yo gen gwo lajwa sou vizaj yo. Se kòm si yo pa anvi rantre lakay yo paske anpil nan yo renmenn frekante espas la menm lè pa gen lekòl.


Yon pwojè ki riske disparèt nenpòt lè


LKM pa yon pwojè ti papa bondye. Sa vle di, li gen anpil feblès ni nan inovasyon li pote yo ni nan fason li jwenn lajan pou ll rete an vi. Lekòl lan tèlman enplike nan twòp bagay, nou rive mande tèt nou eske li pa riske kreye depandans lakay moun k ap viv nan kominote Matènwa. Sa ki fè li ka nan yon sans lakoz paran yo dereskonsabilize yo nan yon seri bagay. Se sa yo rele nan lang kreyòl lan, twòp chèn gate revèy.

Yon lòt pa, swivan sa nou konstate pa gen yon bon valè kantite moun ann Ayiti ki konn egzistans lekòl sila. Sa ki vle di, gen gwo jefò nan nivo kominikasyon ki merite fèt pou plis moun konnen egzistans yo. Men tou pou LKM ka rive fè plis dirijan, paran epi edikatè tou patou nan peyi an ta rive aprann de modèl yo an, nou rele “lekòl tèt an wo’’ a.


Depi lè LKM kreye se sou yon sistèm èd l ap fonksyone. Sa vle di pifò sous finansman responsab yo pou yo fè lekòl la fonksyone, pou bay ti moun yo materyèl, epi peye pwofesè, se dirèkteman nan peyi letranje yo soti. « Pou nou jwenn finansman se Chris ki okipe li de sa. Sou pwen sa a li enkontounab. Aprè sa a, finansman lokal nou jwenn yo se paran yo ki peye pou ti moun yo », Abner Sauveur fè konnen.


Li kontinye pou l di chak paran elèv primè peye 1500 goud pou ane lekòl la, alòske chak grenn elèv primè koute LKM o mwen 40 mil goud chak ane. Kidonk gen yon gwo vid lajan ki merite konble. Sa ki fè sityasyon ekonomik lekòl la enkyete responsab yo anpil. Se youn nan rezon ki fè yo oblije redui tout depans yo konn fè pou ti moun yo ane a 40%. Se yon sityasyon ki riske fè pwojè sa a kanpe yon jou si responsab yo pa jwenn lòt sous finansman paske 90% ekonomi lekòl la soti nan peyi letranje daprè Mesye Sauveur. E chak fwa gen kriz, sa gen gwo enpak sou LKM. Lakoz kriz Kovid-19 lan, finansman yo te konn jwenn diminye. Sa ki frajilize egzistans yo.


Ann Ayiti, gen anpil gwo ak bèl pwojè ki kòmanse, epi ki disparèt aprè. Pou yon sèl rezon, yo chita twòp sou bourad enstitisyon ak bon volontè lòt peyi. Tout sa se pou n di, si LKM pa rewè modèl ekonomik li, li riske nan kouri yon jou oubyen pran gwo frap. Se domaj, otorite nan leta yo pa vire gade yon inisyativ k ap bay gwo bourad pou lang, kilti ak tradiksyon nou ka kreye fondasyon pou peyi tèt an wo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page