Penmèt tout moun gen aksè ak tout sèvis yo bezwen nan domèn enèji, garanti yon enèji ki fyab epi k ap dire pou lontan, se sa 7e objektif devlopman dirab la klewonnen.
Soti nan lane 2015 pou rive 2030, Leta ki nan Loni yo mete yo dakò sou sa yo rele ajanda 2030 lan. Pwogram sa a genyen ladan l 17 objektif devlopman dirab k ap penmèt Leta sa a yo amelyore fonksyònman mond lan. Efò sila a yo vize chanje kalite lavi moun, pwoteje sitwayen ak sitwayèn yo kont danje aktyèl yo sou planèt la san sa pa menase jenerasyon k ap vini yo.
Nan mond lan, zafè enèji a toujou ap fè anpil pale. Si ekspè yo estime peyi ki gen plis enèji yo patisipe nan kreye pwoblèm ki antrave lavi ak lavni moun sou tè a, nan peyi moun pa gen aksè ak enèji yo, sa a lakoz yo poze lòt aksyon ki bay pwoblèm nan bò pa yo. Selon sa Lonifanm ekri sou sit entènèt li, gen plis pase yon milya moun ki pa gen aksè ak kouran nan mond lan. Sa ki vin fè, chif moun k ap boule bwa, matyè plastik avèk dechè zannimo pou yo ka rive fè manje ak pou yo chofe, rive touche 3 milya.
Òganis Loni an fè konnen matyè ki pote salte yo, ki ka bay danje, fanmi yo konsève epi itilize chak jou a bay gwo pwoblèm e se fanm yo ki vin gran viktim nan. « Akoz se fanm ak fi yo ki plis rete nan kay, se yo ki plis viktim danje polisyon an. Sou 4,3 milyon moun ki te mouri nan lane 2012 akoz mòd polisyon sa a, fanm ak fi yo reprezante 60% », se sa ekspè Lonifanm yo ekri. Lonifanm konstate nan endistri k ap pwodui enèji alèkile yo, fanm yo pa anpil. Yo mete yo sou kote. Anplis, fanm ak tifi yo pase anpil nan tan yo ap kole pyese matyè ki ka sal anviwonnman an pou limen dife. Sa ki ba yo lòt kalite pwoblèm sante.
Mete enèji disponib pou tout moun nan tout mond lan ta vle di, pou Leta yo, penmèt tout kategori, tout kouch moun k ap viv sou planèt la jwi yon dwa ak eritaj oubyen resous enèji yo. Enèji pou moun ki nan etid ka etidye, sa yo ki vle biznis k ap kapab jwi avantaj enèji alèkile yo, moun k ap fè manje nan fanmi yo, elatriye. Se nan sans sa a Lonifanm plede pou fanm ak tifi yo jwenn enèji pou yo kapab etidye ak fè travay akademik yo, pou fanm yo jwenn kouran elektrik pou alimante machin yo lè y ap koud, elatriye.
Objektif sa a pa dwe, selon Leta yo, kite deyò efò pou jere epi ogmante enèji ki kapab renouvle yo. Soti 2015 rive 2030 lan, yo vle double efò yo nan sa ki gade efikasite domèn enèji a nan mond lan. Yo vle ranfòse kolaborasyon ant Leta yo yon fason pou yo ka rann pi fasil kesyon rechèch k ap fèt pou jwenn bon jan teknoloji ki ka penmèt yo rive nan objektif sila a.
Jean Robert Bazile
Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.
Comments