Ayiti se youn nan peyi ki plis menase epi ki plis san defans anfas fenomèn yo rele chanjman klimatik la. Si nan sezon livè, kalamite ki lye ak klima yo frape Ayiti nan nivo sa a, sezon lete k ap vini an ap pi cho, pita ka pi tris si pa gen bon jan mezi ki pran, se sa agwonòm Regis Sylvain, direktè Pak Makaya a siyale pandan li t ap pale sou kantite pwoblèm Pak l ap dirije a ap fè fas malgre potansyalite l ak enpòtans li nan rejyon an.
« Pak Makaya genyon kapasite rechaj pou plis pase 9 gran rivyè nan gran sid peyi a e menm yon pati nan depatman Nip. Zak debwazman, eksplwatasyon san kontwòl yo ak kalamite klimatik lakoz kapasite sa a vin bese », agwonòm nan pale konsa nan moman li t ap soulinye wòl Pak Makaya genyen nan gwo sechrès k ap ravaje grand Sid peyi a. Direktè a fè konnen Pak Makaya tou genyen yon kapasite pou fè lapli sou gran sid la epi rechaje sous ak rivyè ki konekte ak li yo.
« Lè nyaj yo epapiye, yo rive sou Pak la, akoz vejetasyon an, gen yon kondansasyon ki fèt ki penmèt lapli tonbe. Se konbinezon sa a ki bay lapli a. Lapli sa a bay yon kapasite enfiltrasyon nan nivo 90 %. Lè dlo sa a yo fin enfiltre, tout sous li alimante yo vin jwenn dlo », li fè konnen. Li rapousib pou li di lè Pik Makaya vin pèdi vejetasyon sa a, li vin paka jwe wòl chato dlo li a, olye li rechaje rivyè yo jan sa ta dwe ye, li pwodui yon lòt fenomèn ki rele risèlman.
Li vin transpòte kouch arab tè a ki te ka bon pou fè agrilti ak lòt, li pote anpil sediman nan rivyè yo. Se sak fè w ap jwenn majorite rivyè nan gran Sid yo plen sediman, sa se esplikasyon agwonòm Regis, direktè Pak la toujou nan entevansyon l sou enpak negatif destriksyon Pak la genyen sou rejyon an e sou tout peyi a. « Se zantray Makaya. Se zantray peyizan an ki ale avèk Ewozyon dlo a. Li vin gen gwo konsekans sou menm lanmè. Sa ki fè moun vin pa ka jwenn pwason pou manje epi moun ki te konn viv nan aktivite sila a oblije kite l ».
Dapre sa agwonòm nan fè konnen, Pak Makaya rive nan sitiyasyon sa a ;akoz pa gen siveyans. Malgre se yon espas pwoteje, pa vrèman gen dilijans ki fèt pou yo pwoteje pak la. Li souliye ajan ki t ap siveye yo te nan yon pwojè ki fini sa fè lontan e se yon lòt pwojè yon òganizasyon ki t ap peye yo. Depi lè a yo dezète paske ministè anviwonnman ta sanble pa entèrese ak siyen oubyen renouvle kontra moun sa a yo. Sa ki lakoz Pak la lage san gadyen devan yon kantite moun ki bezwen itilize l pou aktivite pesonèl yo.
« Nou gen 2 tip anviwonnman : anviwonnman natirèl la (vivan ak sa ki pa vivan). Anviwònman sosyal la ki se moun yo, fanmi yo. Sosyete a, enstitisyon, enfrastrikti, kay pou moun rete… Moun yo plase nan kè lanati, pou yo viv, se la yo mennen tout aktivite pou pousib lavi yo », selon deklarasyon agwonom nan ki t ap eseye fe konprann rezon ki ta lakoz anpil moun ap mete dife nan pak la pou yo ka jwenn espas pou yo rete, fè jaden ak lòt aktivite.
Jean Robert Bazile
Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.
Yorumlar