Pwofèsè Inivèsite Henry Robert Sterlin mouri ayè dimanch swa 9 jen an, aprè yon maladi l t ap sipòte pandan plizyè lane pote l ale, selon sa medya nimerik Enquet’Action aprann nan men divès sous li fè konfyans.

Henry Robert Sterlin, te fè plizyè kou nan “Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (Inaghei)”, yon fakilte nan Inivèsite Leta a, pandan anpil lane. Li te youn nan pi briyan entelektyèl e pwofesè ayisyen tout jenerasyon melanje. Li se tou, ansyen sekretè jeneral “Inaghei” kote li rive fòme plizyè dizèn jenerasyon diplomat.
‘’Boby’’, jan yon seri moun te konn rele l – pami yo zanmi pwòch li - , te patisipe nan dekonstui etidyan ki vini nan kou l ak yon seri refleksyon yo pa tande chak jou. Gen etidyan “Inaghei” ki sonje l paske te konn di yo pou yo konsidere tèt yo kou ‘’Bildapolitològ’’ pa egzanp, olye de politològ. Men tou, gen lòt ki sonje l paske l te renmen itilize tan vèb moun pa itilize ankò yo lè l ap pale franse.
Pwofesè Sterlin te g on long karyè politik an Ayiti. Doktè nan jesyon ak planifikasyon antrepriz lan te pase anpil tan nan ansèyman nan lekòl klasik ak nan Inivèsite. Li te etidye an Ewòp ak nan Amerik Latin nan. Nan dènye ane yo, li te konsakre vi l ak ansèyman epi fè politik kòm manm pati politik.
Kòm revolisyonè, li se yon fanatik wouj ansyen prezidan chinwa Mao Zedong ak ansyen prezidan ameriken an Theodore Roosevelt. Li toujou montre pozisyon l bò kote sa k pi fèb yo, peyizan yo sitou, men tou mas defavorize yo. Doktè Sterlin te yon gwo divalyeris. Li toujou di etidyan l yo, li se pitit de gwo divalyeris. Aprè Jean Claude Duvalier te tounen an Ayiti, a plizyè repriz nou te konn remake l bò kote l.
Milo Milfort
Good job👍