Ymmarlie Tracy Dona Celeste ranpòte dezyèm edisyon konkou “M ap Deklame Pou Manman”
- 1 juin
- 2 min de lecture
Ma Douce Saveur, òganize dimanch 25 me 2025 lan, nan okasyon fèt manman, final dezyèm edisyon konkou” M ap Deklame Pou Manman m’’, kote 6 finalis yo ki gen ant 8 a 12 zan te vinn deklame lanmou pou manman yo. Ymmarlie Tracy Dona Celeste, 12 lane, ranpòte dezyèm edisyon konkou sila.
Nan komin Delma a 11 zè nan maten jou dimanch 25 me pase a, konkou ‘’M ap Deklame pou Manman m’’ te kòmanse devan yon piblik ki gen plizyè dizèn moun, pami yo manman, fanmi, zanmi, sipòte ak kèk envite espesyal Ma Douce Saveur. “Mwen santi m fyè anpil. Mwen bay yon kout men nan fè peyi m mache”, Fabiola Fanfan, kòdonatris Ma Douce Saveur, yon antrepriz evenmansyèl, fè konnen nan entèvyou li bay kèk jounalis. Jou ki fèt manman an, 6 finalis yo atravè teks yo t ap deklame, te bay manman yo lespwa ak plis fòs pou yo kontinye goumen pou yo.
‘’Mwen gen yon santiman lajwa ak fyète paske mwen te toujou vle rann manman m fyè nan yon bagay. Mwen te vle rann manman m fyè nan konkou chan nan ‘’Soleil d’été’’ men pa t genyen ane sa. Mwen te di fòk mwen pote yon bagay lakay la pou m fè fyète manman. Pa sèlman manman m men papa m tou ki te ede m nan ekriti tèks la. ‘’Ymmarlie Tracy Dona Celeste, chanpyòn dezyèm edisyon konkou a deklare. Santiman pa t diferan pou manman chanpyòn nan ki pa t rate okazyon pou eksprime kontantman l ak fyète l. “Mwen santi m fyè. Mwen santi m onore paske nan jou fèt manman, pitit mwen ranpòte yon bèl bagay”.
Ma douce Saveur te bay tou, 6 manman finalis yo kado nan jou sa e li te tou pwofite onore fanm nan kominote ayisyèn nan ak kado epi plak donè. Medam sa yo se, Marie Mireille Démosthène, yon manman e yon madan sara 63 lane; Martine Phébé (Thoy’art) epi Nancy Lainé responsab Renagsang. “Mwen remèsye Ma Douce Saveur ki te panse onere m nan okasyon fèt manman”, Madam Lainé deklare.
Ekip Ma Douce Saveur a ki remèsye tout sipòte, paran ak patisipan yo, te tou pwofite bay piblik lan randevou pou twazyèm edisyon konkou “M ap Deklame Pou Manman m” ki prevwa pou 2026 toujou nan okasyon fèt manman.
Emanika Jhovanie Georges
Comments