top of page

Jean Rony Beaucicault fè ‘’Kò a depale’’

Nan yon liv Jean Rony Beaucicault, kominikan e jounalis ekri ki gen pou tit ‘’Kò a depale’’, otè a montre kijan an Ayiti moun yo itilize pati nan kò yo pou yo eksprime yo. Sa vle di, fè pase yon lide, yon santiman ak fistrasyon san yo pa menm rann yo kont. E nan liv sa li mete yo sou fòm konvèsasyon ak ekspresyon. Vant siyati liv la ap fèt vandredi 12 jiyè 2024 nan lakou Pòtoprens.

 


‘’S on liv ki fèt san mwen, men petèt m gen merit paske m rive rasanble mo ak ekspresyon ki gen rapò ak kò moun nan peyi a’’, Jean Rony Beaucicault deklare nan entèvyou ak medya enfòmasyon ak envestigation Enquet’Action. Anpil ayisyen pa konnen si lang kreyòl la se yon lang ki san limit, e ki toujou prè pou nenpòt moun ki bezwen l, otè a raple nou. Kenpòt sa w te ye, li mèt otè, chèchè oubyen jounalis. ‘’A pati de liv sa w ap konn valè ak tout sa w ka fè ak lang kreyòl la’’, li fè konnen.


Defansè lang kreyòl la rakonte kijan li fè rive ekri liv sa. Nan yon premye tan li te panse f on lis ak ekspresyon sa yo. Lè l koumanse fè sa, li wè yo tèlman anpil. Se aprè sa li di pito l ap f on liv. ‘’Trè souvan, moun yo ka itilize pati nan kò yo pou yo kominike yo pa menm rann kont yo de travay y ap fè a. Donk m deside mete l sou papye pou prezante l bay piblik la. Donk liv la se ‘’Kò a depale’’. Kò a tèlman pale li depale’’, li te di nou.


‘’Liv sa s on ti revolisyon li ye. Paske trè souvan an Ayiti lè moun yo ap ekri an kreyòl yo plis fè pwezi. Yo fè pwezi, gen kèk moun ki kòmanse antre nan woman, men pa gen anpil esè, pa gen anpil nouvèl nan lang kreyòl la’’, Beaucicault, ki se tou jounalis epi avoka fè n konprann de zèv li an. ‘’Men liv sa li menm li petèt pa nan youn nan kategori sa yo, men li wè aspè kominikasyon lang kreyòl la, e li pouse nou wè anpil bagay nou pa t konnen. Lang kreyòl la trè ouvè pou nenpòt moun, depi w frape pòt li l ap ouvè pou ou’’.


‘’Kò a depale’’ gen patikilarite pa l. Li pwone richès ki genyen nan lang kreyòl ayisyen an. Otè liv sa di gen anpil bagay nou pa konnen nan kreyòl la, gen anpil kote nou te ka ale nan lang kreyòl la nou poko vrèman ale. ‘’Gen anpil lòt kote, gen anpil lot zòn nou poko manyen nan lang kreyòl la. Avèk eksperyans sa, lòt chèchè, lòt otè, moun k ap ekri sitou nan lang kreyòl kapab ale. Se nou ki pou ale, ale jwenn lang kreyòl la, e depi n al jwenn li, l ap reponn prezan sou tout sa nou vle fè, sou tout sa nou vle ekri ladann’’.


Ekriven an pa sèlman pran mo sa yo nou itilize pou n fè pase lide nou yo, men li mete yo sou fòm konvèsasyon ou ka genyen ak yon moun kèlkonk. Men tou, nan fraz sa yo li pote kèk konsèy politik, sosyal, ekonomik ak moral. Nan paj 69 nan liv sila li ekri : “Bra pran nan moulen” ki s on ekspresyon ayisyen ki vle di lè w pran nan cho, lè w tonbe nan pwoblèm, lè w nan kouri.  


Jean Rony Beaucicault itilize ekspresyon sa, kote ladann gen bra ki se yon pati nan kò a pou l fòme eksplikasyon sa ki se :  “Monchè m ap di w, la lwa di depi yon lòd ilegal ou pa gen dwa egzekite l, direktè a k ap mande yo pou fè rapò negatif kont anplwaye sèvis ou a ‘’kou bra w pran nan moulen’’ l ap fè kòmsi l p at konnen”.


Nan paj 33 liv la, li itilize ekspresyon, “Jere tèt”. Ak ekspresyon sa, li fòme yon fraz ki gen plizè aspè : “Se tande m tande gen woywoy sou katye a, chèf ekip la met twa moun travay, tout rès yo se mò, m pa di yon moun pa ‘’jere tèt’’ ou, men kote 3 grenn moun ta ka bale tout fatra sa yo epi pou yo ranmase yo, zòn nan gen rezon sal konsa malgre kòb asenisman an tonbe”.


Otè a gen kèk atant sou lektè yo aprè yo fin li liv la. Daprè li, liv sa ta dwe fè anpil efè sou tout kalite moun ki va gen pou li l. Anpil je va louvri anpil konesans va anrichi. “Mwen espere, mwen ouvè yon brèch pou chèchè, pou sosyo pwofesyonèl tankou jounalis, kominikan, sosyo lengwis. M estime, moun k ap ekri nan lang kreyòl yo, oubyen moun ki poko ekri, moun yo limite lang kreyòl la twòp. Kreyòl la pa gen limit. Kèlkeswa kote w manyen lang kreyòl la w ap jwenn yon bagay ki nèf ladann’’, selon Jean Rony Beaucicault otè ‘’Kò a depale’’.


Se sa k fè li kwè, moun ki pral li liv la, yo pral konstate avèk plezi kòman yo konn itilize diferan pati nan kò yo kapab kominike san yo pa rann yo kont. Pafwa moun yo konn ap pale, ap itilize ekspresyon ki gen do, vant, pye, men ak anpil lòt pati nan kò yo nan zafè kominikasyon pou yo eksprime kèk bagay tankou, yon lide, yon santiman, elatriye. ‘’Se kò a w ap fè depale. Li konn tèlman pale li depale’’, boutonfen otè a fè konnen.


Anne-Aise Vilmé


コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加

À la une

bottom of page