top of page

ODD5 : Egalite ant fanm ak gason, kisa sa vle di?

Se depi nan lane 2015, peyi manm Loni yo mete yo dakò sou sa y ap rele « Ajanda 2030 » lan. Li rasanble 17 objektif ki mangonmen ak devlopman dirab peyi sa yo angaje yo pou yo atenn nan lane 2030. Apre premye objektif yo ki se dechouke povrete tout plim tout plimay nan tout peyi yo, derasinen grangou, bon jan swen laswenyay ak bon jan levasyon pou tout moun, se egalite ant fanm ak gason nan tout mond lan yo sible.



Mete fen, nan tout mond lan, ak tout fòm diskriminasyon k ap fèt sou fanm ak tifi, derasinen kit nan lavi prive osinon nan lavi piblik tout fòm vyolans k ap egzèse sou kategori moun sa a yo, se an gwo, sou sa senkyèm objektif la chita. Nan sans sa a, Leta yo vle mete yon fren nan zafè eksplwayasyon seksyèl ak tout lòt fòm eksplwatasyon ki fèt sou fanm ak tifi yo. Yo vle tou, fini ak koze marye timoun lan. Maryaj k ap fèt avan lè yo ak tout zak ki degrade pati jenital fanm ak tifi yo dwe kaba nan tout sosyete.


Dapre sa LoniFanm ap klewonnen, senkyèm objektif la dwe marinen yon ansanm efò ki penmèt, nan fwaye yo, sosyete a bay plas ak atansyon ak swen epi travay k ap fèt nan kay san peye yo. Sa vle di, travay sa a yo jwenn tout valè yo merite. Se pou tèt sa, Lonifanm ap mande pou genyen jefò ki fèt bò kote Leta yo pou garanti sèvis piblik, mete enfrastrikti k ap fasilite objektif sa a reyalize. Yo dwe tou, mete sou plas, yon seri pwogram pwoteksyon sosyal pandan y ap ankouraje epi fè pwomosyon pou tach ak lòt fòm responsabilite nan fwaye yo kapab pataje.


Menm si pataj reskonsabilite dwe fèt selon kontèks fanmi yo ap evolye nan yon sosyete byen espesifik, nan enstitisyon yo, pa ta dwe genyen negosiyasyon sou sa. Sa vle di, fanm yo dwe patisipe, san okenn baryè ni okenn limit, nan tout sa k ap fèt nan sosyete a. Yo dwe gen yon aksè ki lajman laj pou entegre fonksyon piblik yo ak espas pouvwa yo (espas desizyon yo) nan tout nivo. Kit sa gade ekonomi, kit li gen pou wè ak politk osinon lavi piblik sosyete a.


Pi lwen, objektif sila a vle pou Leta yo travay pou garanti aksè ak swen ki gade sante seksyèl medam yo. Veye pou chak fanm gen libète egzèse dwa l nan sa ki gade fè pitit. Fanm sa a yo dwe, nan sosyete a, gen menm dwa ak gason nan resous ekonomik yo, dwa pou yo posede pwòp zafè yo e menm gen kontwòl sou pataj tè, resous finansye (lajan), nan eritaj ak resous natirèl yo nan limit lalwa.


Pou konplete tout sa, Leta yo dwe ranfòse kapasite fanm yo nan koze teknoloji, sitou sa ki gen pou wè ak enfòmatik epi kominikasyon. Paske, selon sa LoniFanm ekri, sa ka ranfòse yon demach pou rann fanm yo otonòm. Objektif sa a ap rive nan bout li, si Leta a yo taye kèk politik espesyal pou jere kesyon an ak mete an plas kèk lwa ki tabli ak ranfòse egalite a ant fanm avèk gason nan tout nivo nan sosyete yo, selon LoniFanm.


Jean Robert Bazile

Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.

À la une

bottom of page