top of page

ODD6: Dlo ak bon jan lapwòpte pou tout moun, kisa sa vle di ?

Rann dlo a disponib, byen jere l epi konsève l pou lontan, bon jan lapwòpte pou tout moun, se konsa 6e objectif devlopman dirab Loni an rezime. Kalandriye 2030 sa a Leta yo mete sou pye depi nan lanne 2015 kwè dlo a se yon resous vrèman enpòtan. Pou sa, li pa dwe byen ki ra epi tou li pa dwe menase nan okenn mannyè sante ak lavi moun.



Rive 2030, Leta yo angaje pou yo amelyore kalite dlo a tanzantan. Travay sa a dwe koumanse nan bese posibilite pou dlo a anpwazonnen (polisyon), redui kantite salte ki konn nan dlo yo ak desann, nan nivo ki pi ba a, itilizasyon pwodui chimik yo. Nan menm sans sa a, yo konte diminye kantite dlo k ap itilize ki pa trete nan mond lan pandan y ap ogmante, nan mezi yo kapab, pratik pou ranmase (resikle) dlo k ap sèvi yo epi kreye mwayen pou dlo sa a yo ka itilize ankò san okenn pwoblèm.


Toujou nan sa Leta a yo klewonnen sou 6e objektif devlopman dirab la, yo konte ogmante nan mond lan kalite jesyon dlo a. Sa vle di, pou resous sa a ka pi byen itilize nan mond lan, san gaspiyaj epi pou pwofite diminye kantite moun ki pa vrèman jwenn dlo pou yo sèvi. Menm demach sa a gen ladan l pou yo remete kanpe ekosistèm dlo a: mòn yo, forè yo, zòn ki frèt anpil yo, rivyè yo, lak yo elatriye.


Poutan, òganizasyon nan Loni ki okipe zafè lamanjay ak agrikilti a, FAO, fè konnen youn nan pi gwo defi mond lan se kapasite pou ogmante kantite manje k ap pwodui pandan y ap itilize pi piti dlo. Òganizasyon an souliye kouman lè pa gen dlo, lè sa ki genyen an nan move eta ak lè enfrastrikti dlo yo manke, sa gen gwo enpak sou sekirite alimantè mond lan, sou kondisyon moun ap manje mete sou nivo edikasyon ak ekonomi fanmi ki pi pòv yo.


Daprè sa FAO ekri sou sit entènèt li, kilti ak gade bèt deja pran pou kont yo 70 % nan dlo k ap itilize yo. Li presize gen peyi sa konn rive jouk nan nivo 95 %. Sitou peyi ki poko devlope yo. « Dlo y ap pran pou fè irigasyon ak pou gade ak pran swen bèt ap kontinye vin pi plis toutotan kantite moun yo ap ogmante sou planèt tè a. Epi ap gen plis bezwen pou manje ak devlopman ekonomik», se sa li ekri.


Fòk nou di, nan dènye founi je gade ki fèt sou sitiyasyon dlo a nan mond lan, Ayiti te plase nan lis peyi k ap konnen gwo boulvès nan koze dlo. Nan lis sa a nou jwenn kèk peyi tankou Somali, Madagaska, Afganistan, Soudan, Libi, Yemenn. Rapò sila a te prezante 23 peyi nan mond lan ka yo pi grav nan zafè pwoblèm dlo. Ekspè yo di peyi sila yo nan gwo ensekirite pou dlo.


Daprè done ki disponib yo, zafè pou moun jwenn dlo pwòp nan mond lan rete yon rèv ki prèske pa ka reyalize. Moun ki pa ka jwi dwa yo genyen pou bwè dlo pwòp ak jwenn kantite yo bezwen pou itilize plis pase mwatye popilasyon k ap viv sou planèt la. Kantite sa a ta depase 70 % e prèske rive nan 5 milya 500 milyon moun ki pa gen aksè ak dlo jan sa dwe ye.


Toujou nan menm konsiderasyon an, done ki disponib nan Loni yo fè konnen pwoblèm dlo sa a vini ak plis maladi pase sa moun pa ta imajine. Li touye plis moun pase gwo katastwòf natirèl yo.


Jean Robert Bazile


Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page