top of page

Plis pase 23 000 moun soufri maladi kansè an Ayiti

Kantite moun k ap viv ak kansè an Ayiti pase de 19 mil 470 an 2020 a 23 mil 611 an 2022. Yon lòt bò, kantite nouvo ka kansè nan peyi a pase de 12 mil 404 an 2020 a 13 mil 860 an 2022, selon dènye rapò Ajans Entènasyonal ki ap fè Rechèch sou Kansè (IARC) pibliye nan mwa fevriye a.




Estatistik enstitisyon sila, bay yon lide sou sitiyasyon kansè nan chak peyi nan mond lan. E pa bòrisit, kantite moun ki mouri yo fè yon ti bese. Li sòti nan 9 245 ka an 2020 pou l tonbe nan 9 014 an 2022, nan yon peyi kote risk pou mouri anba maladi kansè avan laj 75 lane a, reprezante 8.0 %.


Gen anpil pwoblèm pou rezoud nan sistèm sante ayisyen an pou nou byen goumen kont kansè. Ann site kèk nan yo. Absans pwogram depistaj ak sansibilizasyon pou edike popilasyon an sou kisa kansè ye, kijan pou yo detekte li bone e kijan pou yo prevni li, mank pwofesyonèl lasante ak sant ki espesyalize nan tretman kansè pou bay moun ki gen maladi sa bon jan laswenyay, selon Depatman Onkoloji Lopital Saint Francois de Sales nan lakou pòtòprens.

 

“Mank medikaman pou trete kansè, paske yo pa disponib oubyen yo koute twò chè. Absans radyoterapi, yon tip tretman pou kansè 6 sou 10 pasyan ak kansè an Ayiti bezwen pran. Absans estatistik nasyonal sou kansè paske rejis kansè a pa p fonksyone. Mank volonte politik dirijan nou yo, ki pa bay kansè priyorite nan pwogram sante yo”, se lòt rezon ankò si n kwè Lopital sila.

 

Nan 13 860 nouvo moun ki fè kansè an Ayiti, 7 028 ladan yo se gason e rès yo se fanm. Risk pou devlope kansè avan 75 lane pi elve pou gason pase pou fi. Pou gason se 13.9 % epi 11.8 pou fanm. Ki bay ototal 12.7 %. Kansè pwostat, kansè lestomak ak kansè nan fwa, se 3 kalte kansè sa yo k ap sakaje gason an Ayiti alòske lakay medam yo, se kansè tete, matris ak kolorektum – k ap taye banda. Kidonk, 3 kansè k ap ravaje peyi a se kansè pwostat, kansè lestomak ak kansè tete.

 

“Close the Care Gap” (redwi eka nan jan y ap trete kanse nan lemond). Se tèm jounen sa depi 3 lane deja. “Paske peyi kote ka kansè yo pi grav pa gen bon jan swen disponib. Ayiti se youn nan peyi sa yo. Kidonk vrè batay la se asire gen bon jan laswenyay pou moun ki gen kansè tout kote sou latè’’, rapousib Sant espesyalize sila.

 

Responsab Lopital sila, estime li lè li tan pou leta ayisyen deklare kansè yon pwoblèm sante piblik. Men tou, li ankouraje, otorite yo monte prese prese yon plan nasyonal pou goumen kont kansè, epi mete li an aplikasyon sout tout tèritwa. “Plan sa dwe plis chita sou sansibilizasyon, edikasyon popilasyon an, depistaj ak prevansyon. Lè sa ka kansè yo ap redwi oubyen n ap dekouvri yo pi bonè”.

 

Kansè ki touye plis fanm an Ayiti se kansè tete aprè w jwenn  kansè matris sa yo rele kansè kòl iteris la – alòske sa k touye plis gason se kansè pwostat epi kansè lestomak.

 

N ap raple, diri enpòte ki soti Etazini ki rantre Ayiti genyen yon nivo tèt chaje metal ki rele asenik ak kadnium ladan yo, ki ka ogmante risk divès kansè, maladi kè, maladi sik ak lòt ankò, selon yon rezilta etid chèchè ak chèchez nan Inivèsite Michigan nan lakou Etazini fè konnen. “Diri ekspòte ann Ayiti depi Etazini genyen 2 fwa plis asenik pase diri peyi a’’, nou rive li nan rapò sila.


Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.

 

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加

À la une

bottom of page