top of page
Tous les articles


Kolangyèt Manman ! : Yon jouman ki peze lou an Ayiti akoz chay sosyal epi listwa li trennen dèyè l
Li klè kou klè woz, jèn moun yo di betiz san rezon plis pase ansyen jenerasyon yo. Sitiyasyon an pa diferan nan lòt peyi tankou Lafrans kote pa egzanp moun yo renmen itilize ekspresyon tankou ‘’Bordel’’, ‘’Merde’’, ‘’Putain’’. Anpil fwa mo yo konn pèdi sans yo pou yo tounen jouman. Pwa jouman yo, pase de yon agresyon pou rive nan yon transgresyon. Kolangyèt manman son ekspresyon ayisyen itilize anpil. Se pami premye jouman yo aprann yon etranje.
17 juin 20226 min de lecture


Kénise Phanord: «Jan sosyete a ye la fè medam yo ap veye pou sa yo te batay pou li yo pa disparèt»
Kénise Phanord, se militant feminis epi sosyològ. Li fè yon lisans nan Fakilte Syans Moun epi yon Metriz nan Inivèsite ''Havre'' nan peyi Lafrans. Avèk Madam Phanor ki se manm Kolektif Inivèsitè pou rechèch ak emansipasyon fanm (Curef nan lang franse), nou te fè yon ti bat bouch sou diferan pwoblematik kap travèse reyalite lavi fanm an Ayiti.
30 nov. 20218 min de lecture


Klete tifi, yon pratik ki vyole dwa fondalnatal fanm ak tifi
An Ayiti, nan milye rekile ak nan vil yo, gen yon pakèt pratik paran yo itilize pou kontwole lavi timoun yo an jeneral, tifi yo an...
27 nov. 202110 min de lecture


“95 % batistè an Ayiti yo gen erè”, Jean Wilfrid Bertrand, direktè jeneral Achiv Nasyonal
Jounal enfòmasyon ak envestigasyon sou entènèt Enquet’Action, nan kad yon kokennchenn ankèt l ap fè sou kesyon idantite an Ayiti, te ale fon ti bat bouch ak Misye Jean Wilfrid Bertrand, ki se direktè jeneral Achiv Nasyonal peyi Ayiti depi lanne 1983. Anpil gwo koze te diskite. Se poutèt sa nou chwazi pote pou ou tout sa ki te di pandan diskisyon sa a. “Mwen la depi 7 jiyè 1983. C'est une chance pour le peuple haïtien. Mwen di nou sa kareman. Pou sa m jwenn la, pou sa m chanje
24 juin 202112 min de lecture


« Fòk nou kraze mit ki fè kwè gason son bout blòk, yon bout fè e yon bout siman… ki pa ka viktim »
Enquet’Action te fon ti bat bouch ak Pascale Solages, aktivis dwa moun epi kòdonatris jeneral òganizasyon feminis ki rele Negès Mawon ki akonpaye fanm ak tifi nan yon sosyete patriyakal tankou pa nou an ki viktim pi plis nan kesyon vyolans pase lòt kategori moun. Oryantasyon oganizasyon feminis lan se akonpanye fanm ak tifi nan kesyon dwa yo, devwa ak opòtinite, san yo pa rete avèg sou tout lòt batay k ap fèt pou dwa moun respekte. « Yon batay pou dwa fanm se avan tou yon bat
19 mai 202114 min de lecture


« Si gason an di yon fi vyole l, se tankou l sispann gason. Kidonk li pèdi virilite l »
Vyòl fanm fè sou gason, yon sijè konplèks moun preske pa pale isit menm jan ak nan peyi lòt bò dlo. Nan lide pou fouye zo nan kalalou nan kad yon gwo ankèt nou fè sou pwoblèm sosyal sa a, nou te al rankontre yon sosyològ ki pa vle non li site. Men li se pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) an e li devlope yon apwòch diferan de sa nou abitye tande chak jou yo. Lè l konsidere enpòtans pawòl yo, Enquet’Action deside pibliye entèvyou an, nan entegralite li nan lide pou lanse de
7 avr. 202115 min de lecture


« Yo pa banalize vyòl sou gason, se pito moun yo ki pa pote plent »
Nan lide pou fè lektè ak lektris li yo konprann pi byen kesyon vyòl ak asèlman sou gason, vyòl sou timoun, jwèt manman ak papa, sèks ant timoun, Enquet’Action te rankontre Norah Amilcar Jean François, ki se jij pou timoun. Avèk li, nou te diskite de sijè sa yo epi anpil lòt ankò ki pote gwo limyè sou yon bann fenomèn sosyal peyi an ap konnen depi kèk tan.
4 févr. 202110 min de lecture


Lekòl Kominotè Matènwa: Yon lekòl tèt an wo nan yon peyi tèt an ba
Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) se yon lekòl k ap fè pwomosyon pou konbit ak devlopman. Depi lè li kreye nan lane 1996, LKM pote gwo...
11 janv. 202112 min de lecture


Kèk nan divès rezon ki fè se devan legliz katolik ou wè pòv kap mande men pa devan legliz pwotestan
Mandisite se pa yon fenomèn ki fenk parèt an Ayiti. Men se yon bagay ki wè jou depi lè konkonm tap goumen ak berejèn. Menm si pyès moun pa ka di egzakteman kote l soti vrèman. Konsa, menm jan tan an ap chanje a se menm jan fenomèn mandisite a ap chanje chemiz tou. Men depi byen lontan devan legliz ak pawas Katolik yo te toujou baz moun k ap mande yo. Konsa pou nou ka konprann kote fenomèn nan soti epi eksplike kisa ki lakoz se devan legliz katolik nou jwenn mandyan men pa dev
28 déc. 202010 min de lecture


Ayiti: Vyòl fanm fè sou gason, ant banalizasyon ak enpinite
An Ayiti, 1 fanm sou 8 deklare yo sibi vyolans seksyèl omwens yon fwa nan lavi yo, selon Ankèt sou mòtalite, mòbidite ak itilizasyon sèvis yo (EMMUS-VI) ki sòti nan lane 2018. Epoutan se pa sèl fanm ki viktim, gen anpil gason ak ti gason k ap sibi vyolans seksyèl nan peyi a. Yon rapò Konsètasyon nasyonal kont vyolans sou fanm, ki kouvri peryòd jiyè 2011 rive jen 2012, pale de vyolans seksyèl ki fèt sou ti gason ak tifi san yo pa bay twòp detay – yo jis rapòte sou 1,127 ka vyo
19 déc. 202010 min de lecture


Jwèt Manman ak Papa: Yon mannyè espesyal, timoun inisye nan fè bagay an Ayiti
Jwèt Manman ak Papa fè pati jwèt timoun fè pou bay tèt yo plezi nan sa yo rele fè « dezòd ». Se youn pami jwèt ki bobo ak fè bagay. Lè n konsidere konsantman nan fè sèks lye ak laj epi timoun pa kapab bay garanti sa a, Enquet’Action, jounal enfòmasyon ak envestigasyon sou entènèt, deside fouye zo nan kalalou pou eseye kesyone reyalite sa a epi konprann sijè konplèks sa a pi byen.
23 nov. 202016 min de lecture
bottom of page



