top of page

Klete tifi, yon pratik ki vyole dwa fondalnatal fanm ak tifi

An Ayiti, nan milye rekile ak nan vil yo, gen yon pakèt pratik paran yo itilize pou kontwole lavi timoun yo an jeneral, tifi yo an patikilye. Pami pratik sa yo, gen tate tifi ki se tès vijinite, bay tifi piman nan ti pati yo, men tou klete tifi. Yon bann mannyè ki travèse tan ak espas yo an Ayiti. Men, poukisa pi fò pratik sa yo se pou kontwole lavi fanm ak tifi men pa lavi gason ak ti gason? Poukisa tout pratik sa yo ki vize kontwole kò, lespri ak lavni fanm ak tifi? Ki kalte dwa moun yon pratik tankou klete tifi vyole?





ANKÈT


Klete tifi se yon pratik pami anpil lòt ki te alamòd anpil nan tan pase yo sitou nan vil pwovens yo. Li fè pati yon bann sijè ki pa janm pale nan sosyete a. Yon sijè yo pa ta dwe pale. Ti rechèch nou te fè swa nan liv oubyen sou entènèt yo pat pèmèt nou jwenn bon jan enfòmasyon sou sa. Men tou, sanble pa gen anyen ki ekri sou sijè a. Kisa pratik sa ye egzakteman?


Nou te al rankontre Mariline Charles, ki konnen yon moun, malerezman ki mouri men ki te viktim pratik sa a. Se te yon matant li. Lap eksplike nou egakteman kisa pratik klete tifi an ye: “Se lè paran w al kay yon bòkò, li mete yon bagay sou ou. Depi gason rive sou ou, swa li pa gason oubyen lè l eseye penetre w li pa kapab. Ou di mwens malkadi pran w nan men nenpòt nèg ki ta rive nan kabann avè w. Gen fi lavi yo gache lakoz pratik sa a”.


Gen plizyè ekspresyon la a ki merite klarifye. Pa gason vle di nèg lan pa ka bande. Yon lòt pa, maladi malkadi an se sa yo rele maladi kimen an. Nan lang fransè, yo rele li “épilepsie”. Moun nan tonbe epi lap jigote pandan bouch li ap bay flèm. Sa ki ap mete tansyon epi lakòz anyen pa posib. Nan yon dyalòg anba yon pòs sou Facebook, yon dam ki rele Anice Saint Georges fè konnen pratik sila toujou egziste. Men tou, nan telefòn, yon moun te aprann li, li se yon moun ki klete. Sa plizyè lòt moun konfime nan kòmantè.


“Sa toujou egziste nan vil pwovens yo. Gen de fwa paran ki klete pitit fi yo a mouri epi yo tou ale ak kle a. Fi sa klete pou tout rès vi l. Tout eseye se echèk. Menm si nèg la renmen fi an, li deplwaye tout bòn volonte l, seri a pa fouti louvri’’, selon Mario Andresol, ansyen direktè jeneral polis nasyonal lan – sou facebook.


Fenomèn sa a rive pi lwen pase sa w konprann ...


Gen yon reyalite konplèks nan fenomèn sosyal sa a. Klete tifi pa vle di yo met kadna epi klete moun nan epi jete kle an, jan literalman li ta vle sanble sa. Se pa sa ditou. Men se pito yon pwosesis ki mistik. Sa vle di, li lye ak yon seri aksyon epi sekrè mistik ki vize kontwole lavi yon lòt moun. Klete vle di fèmen ak kle. Nan lang fransè: “fermer à clé”. Ekspresyon ‘’klete tifi’’ an vle di pa gen posibilite pou rantre nan espas entimite moun nan. Nan bon kreyòl li paka al nan fè bagay – sa vin rann li paka fè pitit. Si l mouri, li tou rete ak vijinite l. Se youn nan plizyè kalte dekouvèt nou fè nan ti ankèt nou mennen.


Pwiske se yon pratik mistik, yon moun ka chwazi kwè oubyen pa kwè ladan’l. Se konsa nou te al bouske yon pèsonaj fanm ki nan laj 60 lane yo konsa pou di nou plis. ‚‘‘ Wi li egziste. Mwen viv li mwen menm e mwen konn moun ki sibi li. Nan riyèl Dechan la, te gen yon mesye ki te genyen yon sè li ki rele Freda. Avèk sizo wi yo klete l. Depi moun ki klete w lan mouri, wap tou rete konsa. Se ak yon sizo yo konn klete moun nan. Aprè sa, li fè sa l gen pou l fè. Lè fanm nan pral marye, paran an dekletel’’, selon sa Velitan Pierre rakonte nou.


Li te pousib pou l rakonte nou. ‘’Mesye an te rele Ferrye. Mesye sa mouri kounya. Li te gen yon sèl piti fi, li klete l. Sa vle di si tifi an gon mennaj, li al fè bagay ak li, li pap ka fè anyen’’.

Deklete tifi an vle di, li kapab al nan fè bagay lib e libè. Yon lòt pa, li vle di tou, tifi an gen otorizasyon pou l gen mennaj. Se tankou se yon lisans yo ba li pou l fonksyone. Men sa vle di tou, gason an ap ka bande. Si pou anpil moun se yon mit oubyen listwa pou fè timoun dòmi, pou anpil granmoun nou kontakte se yon bagay ki reyèl.


Jeneralman se paran yo, papa oubyen manman ki chwazi fè sa.


Yon pratik pou kontwole kò fanm ak tifi?


Pou konnen plis sou fenomèn sila, nou te al wè yon prèt vodou yo rele jeneralman Ougan. Men se pat nenpòt Ougan, men moun nou ta ka konsidere tankou Pap Vodou an (le Pape du vodou). Sa yo rele tou “Ati’’ an – ki se premye sitwayen nan relijyon sa. “ Yo pa pale anpil de li nan sosyete an. Se yon bagay mwen konnen ki fèt. Men efikasite l nou pa konnen, se lè yo fè l li teste. Pwoblèm li konn genyen, ou konn fin fè li, moun ki fè l la li pa la ankò. Epi, tifi an rete klete pou lavi”, selon Ati nasyonal lan, Carl Henry Desmornes ki fè nou kwè ta gen plizyè teknik. Men chwa depann de moun ki vinn fè l lan men tou de Ougan kap fè l pou li an.


Li te rapousib poul di: “Pouki rezon yo fè l? Yo pa vle tifi an lage nan fè bagay anvan lè. Gen gason ki fè l pou madanm yo tou”. Men ki finalite yon pratik konsa? “ Oubyen l pap ka genyen [relasyon seksyèl] – oubyen l pap enterese [ak rapò seksyèl] oubyen li pap pran sansasyon ladan l. Gen divès fòm”, li te kontinye pou l di. Li te trè retisan nan bay detay, men nou te rive rache kèk pawòl nan bouch li.


Nou te mande l – nan tradisyon ayisyèn nan – kiyès nan tout sa yo ki plis fèt. Li te reponn nou: “ Sa depann de Ougan. Chak Ougan gen gou pa yo’’.


Divès konsta nou fè epi entèvyou yo ride nou konprann klete tifi son fenomèn ki vize kontwole kò, bonnanj ak lavi fanm ak tifi. Yo fè sa pou evite tifi al nan ti gason oubyen al nan fè bagay twò bonè. Sa vle di pou tifi an rete vyèj jiskan yo deside moman li ka al nan gason oubyen fè renmen. Kelkeswa laj li genyen an. Se yon reyalite anpil ti jèn nan gwo vil yo ak nan Pòtoprens pa konnen e pap konnen. Paske yo pa pale sou sa.


‘’Bagay sa a se yon pwoblèm. Li rete vyèj akoz move pratik sa. Bagay klete tifi an li kòmanse bò kote paran ki estime se yo ki gen dwa fè chwa pou pitit yo. Se yo menm ki ka di pitit yo men ki nèg pou yo pran. Toutotan yo pa chwazi yon nèg – oubyen nèg yo renmen an pa vini, yo pap deklete tifi an. Menm jan tou gen paran ki fè sa pa mechanste yon fason pou timoun nan pa janm konn sak rele gason”, Mariline Charles rapòte apwopo yon matan li ki viktim sa.


Men poukisa? Pouki vijinite te gen tout enpòtans sa ?


“M pa la pou m jije okenn pratik. Nou gen tandans nou menm nan sosyete sa - depi yon bagay fèt nou jije l, di l bon oubyen pa bon. Nou pa la pou n fè sa nou menm’’, selon Ati Carl Henri Desmornes. Pandan l admèt klè kou klèwoz gen moun ki pa konnen si l viktim de sa. ‘’Se pa paran yo ki bay vijinite tout enpòtans sa, men pito sosyete an. Anpil bagay diminye avèk tan an, paske anpil nan valè yo ap chanje. Se yon sosyete kap evolye, kap modifye chak jou. Donk, valè yo chanje. Bagay ki te enpòtan yè an, li pa enpòtan jodi an. Se menm jan an yon bagay ki enpòtan jodi an pap enpòtan demen. Son bagay ki fèt epi gen moun ki kwè ladanl. Gen moun se sa yo fè menm’’.


Nan yon ti pale nou te fè ak yon grandèt ki nan antouraj nou. Li raple n yon reyalite ki te konn taye banda anpil nan pwovens yo. “Nan tan pase yo, se paran ki te konn chwazi moun pou pitit yo fè vi yo. Se paran yo ki konn deside kilè tifi ka al nan tigason’’. Sa ki fè n konprann yon pratik tankou klete tifi rantre tou nan lojik sa. Selon sa nou aprann, gen paran ki te konn fè l paske yo te viktim nan renmen. Yo estime yo pa gen chans e vle fè kwè yo pa vle pitit yo pase konsa tou. Konsa se lè yo estime pitit la jwenn yon nèg ki fè yo plezi oubyen yon nèg yo chwazi pou li - se bon grenn nan. Se lè sa yo deside kite l rantre nan renmen‘‘, grandèt sa te rakonte nou.


Nan tan lontan, menm jan sa toujou fèt nan kèk pwovens, vijinite tifi gen gwo enpòtans. Se sa ki bay jarèt ak yon seri nouvo pratik. Nou vle pale pa egzanp de pratik ki vle fè kwè depi yon nèg marye ak yon fi ki pa vyèj, se yon “dezonè” pou fanmi fi an. Gen yon fim ki rele maryaj dantan ki rakonte fenomèn sosyal sa. Nan fim sa, yo montre yon mesye ki fin marye ak yon fi, ki pote yon pen ak kola tounen bay paran fi an. Men nan pen an – li fè yon gwo. Sa ki senbolize fi an pa vyèj. Sa w tande an maryaj la kraze epi lòbèy pete.


Sa ki montre nan tan pase yo – mwens nan tan kounya - vijinite fanm ak tifi, paran yo e sosyete an te bay sa gwo enpòtans. Paran yo te konsidere l tankou imaj fanmi yo. E son fyète pou yo lè pitit yo marye vyèj. Nou te al fè yon ti pale ak yon Madanm ki rele Semafi Jean (Yon non nou prete l) ki se moun Piyon nan depatman nò.


Men sa l te fè nou konnen. “Se depi lè l timoun ou klete l. Moun nan jis wè li pa sou mennaj pandan lòt tifi ki nan antouraj li nan gason. Si w klete timoun nan, ou di l sa, l ap rayi w’’. Li konnen plizyè moun yo rapòte ki klete. Li menm rakonte nou dènyèman li mande nouvèl de pitit fi yon pastè ki ta sanble klete. “Yo fè afè kounya (yo gen nèg kounya). Papa yo deklete yo. Jiska prezan gen moun kap klete timoun. Gen kèk timoun m konn tande paran klete yo. Men timoun yo pa konnen. Pou klete moun nan ou pa fòseman oblije al kay ougan – ou jis bezwen gen ti sekrè w”.


Kòman pratik sa a vyole dwa fanm ak tifi?


Dwa fanm fè pati dwa moun. Gen divès kalte dwa ki lye ak fanm espesifikman. Gen sa yo rele dwa seksyèl ak repwodiktif epi dwa pou moun nan gen pouvwa sou kò li. Men, ki kalte dwa sa yo ye?


Nan yon rapò ki pibliye nan lane 2020 an ki gen pou tit “Sante e dwa seksyèl ak repwodiktif: kle pou egalite ant fanm ak gason epi otonomizasyon fanm”, Federasyon Entènasyonal pou Planifikasyon Familyal (IPPF nan lang fransè) defini ekspresyon sante ak dwa seksyèl ak repwodiktif kòm “ dwa pou gen kontwòl, deside lib e libè e nan yon mannyè reskonsab kesyon ki lye ak seksyalite men tou sante seksyèl ak repwodiktif, san kontrent, diskriminasyon ak vyolans’’. https://www.ippfen.org/sites/ippfen/files/2016-12/Vision%202020%20Gender%20Report%20-%20French.pdf “ Sante repwodiktif la vle di moun yo kapab gen yon vi seksyèl satisfezan epi san risk, yo gen mwayen pou yo fè pitit epi libète pou deside si yo vle fè pitit, kilè ak konbyen pitit yo swete genyen”, toujou selon rapò IPPF lan.


Swivan ti analiz nou fè epi rezilta ankèt nou mennen, pratik sa kantone fanm nan wòl tradisyonèl ki la pou reponn ak kapris yon sosyete epi yon gason. Sa montre kesyon seksism lan ak machis nan kalte sosyete patriyaka yo bobo tèt koupe ak mannyè sa yo trete tifi ak fanm yo. Li repwodi tankou de gout dlo rapò mi wo mi ba ki genyen ant fanm ak gason nan sosyete an – nan sans li vize sèlman tifi – men tou li wè tifi tankou yon objè ki la pou satisfè bezwen seksyèl gason. Li timounize fanm, nan sans li repwodwi nòm sosyal seksis ak machis yo, men tou li pa depase baryè estereyotip yo ki wè fanm tankou yon timoun ki pa kapab asime reskonsabilite l men ki dwe gen yon moun ki la ki pou deside pou li. San nou pa bliye li montre a klè diskriminasyon ki genyen ant fanm ak gason.


“Sa rantre nan rapò mi wo mi ba ki gen nan sosyete an ant gason ak fanm. Ansyen yo konsidere vijinite tifi tankou yon wòch ki presye. Sakralizasyon vijinite chita nan konstriksyon seksyalite fanm ki fet nan yon mannyè ki diferan ak pa gason. Gason ka fè kantite esperyans seksyèl li vle sa ki diferan pou fi an. Yo konsidere vijinite tifi tankou yon boul dyaman alòske lavi tifi kantone.


Pratik klete tifi an lakoz moun nan paka gen mennaj, ni al nan fè bagay, alewè pou l ta fè pitit. Men tou, kelkeswa laj li genyen an – li pa granmoun tèt li. Paske li sou kontrent epi depann de bòn volonte yon lòt ki deside pou li. Sa ki rantre an kontradiksyon ak dwa seksyèl ak repwodiktif yo. Yon lòt pa, pratik sa a marande ak yon ansanm koutim, nòm ak mès tradisyonèl ki kantone fanm ak tifi sou kote nan pwosesis devlopman sosyal lan. Li pa wè fanm ak tifi tankou moun ki dwe gen opòtinite epi deside pou tèt yo. Sa ki fè egalite chans ak rezilta pa garanti pou kategori sosyal sa yo. Sa ki anpeche fanm evolye nan peyi an.


“Enkapasite pou fè pitit epi maladi plis touche fanm epi pote prejidis a lavi, sante epi byenèt yo”, selon Federasyon Entènasyonal pou Planifikasyon Familyal. An rezime, lè nou analize pratik sa – li vyole dwa fanm nan plizyè nivo. Premye nivo, moun nan pa mèt tèt li. Men pito pwopriyete yon moun ki deside se lè l vle pou moun nan fè sa li deside pou li an. Men tou, li vyole dwa fanm genyen sou kò l ak sa li vle fè ak li. Sa gwo save yo rele “ droit à l’autodétermination de la personne humaine’’ nan lang fransè – ki se yon ansanm dwa ki pa negosyab.


Dwa seksyèl ak repwodiktif se eleman esansyèl pou mennen nan otonomizasyon fanm ak tifi epi nan reyalizasyon egalite ant tifi ak tigason oswa fanm ak gason. Sa ki montre gen nesesite pou rewè pratik sa yo, domaj kèk moun konsidere kòm pratik ki bay rezilta. Men ki rezilta posib? Anpil chanjman fèt nan sosyete an, men kalte pratik sa yo ak lòt ankò toujou rete yon gwo defi lè nou konnen sante seksyèl ak repwodiktif marande ak lòt aspè lavi tankou kapasite pou rete lekòl epi lwen vyolans.

Milo MILFORT

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page