top of page

“Fòk Leta gen lekòl enklizif toupatou nan peyi a, e fòk yo gratis pou tout timoun”

  • il y a 27 minutes
  • 6 min de lecture

Fòk gen fòmasyon pou pwofesè yo, adaptasyon nan materyèl didaktik yo, epi mete estrikti anplas pou timoun ki gen bezwen espesyal yo ka aprann menm jan ak lòt timoun. Sa a se avi Mireille Dextra, edikatris ki ap ekri aktyèlman yon liv sou Edikasyon enklizik an Ayiti. Enquet’Action te rankontre l nan kad yon ankèt sou pwoblematik lekòl enkliziv nan peyi an.


ree

Kredi imaj : Paj Fesbouk Mireille Dextra


Enquet’Action (EA): Kisa enklizyon vle di selon ou menm?


Mireille Dextra (MD): Enklizyon, pou mwen, se lè tout moun (timoun yo), san paspouki, jwenn plas yo nan sosyete a, espesyalman nan domèn edikasyon. Se yon filozofi ki vle pou chak timoun: kit yo gen yon andikap, kit yo gen difikilte pou yo aprann, jwenn bon kalite edikasyon ki respekte oubyen ki adapte ak ritm yo, kapasite yo, epi ki mete aksan sou devlopman yo kòm moun.


EA: Eske nan sistèm edikatif ayisyen an, nou ka pale de enklizyon ? Poukisa?


MD: Malerezman, nou pa ka di sistèm edikatif ayisyen an enklizif. Ann di pito, nou gen yon sistèm ki anvi fonksyone sou baz enklizyon. Anpil timoun rete deyò sistèm nan, malgre kèk jefò kèk enstitisyon fè. Timoun sa yo deyò pou plizyè rezon: andikap, povrete, mank resous finansye, oubyen pa gen ase lekòl ki ka reponn ak bezwen yo. Timoun ki gen bezwen espesyal yo se pami moun ki pi viktim yo. Gen lekòl ki pa vle aksepte yo paske yo panse sa pral kreye twòp difikilte. Leta pa mete ase mwayen anplas pou fasilite entegrasyon timoun sa yo nan sistèm lan. Donk, lekòl yo pa prepare pou aksepte ak akonpaye timoun sa yo.


EA: Sistèm nan ki pa enklizif la ki enpak li gen sou sosyete a? Ki imaj li voye de sosyete a?


MD: Ann pran imaj la anvan: nou ka di nan ka sa a se yon sosyete ki chwazi triye, mete moun sou kote... Konsekans oubyen enpak sa ka genyen: Lè nou kite yon pati popilasyon an deyò sistèm eskolè la, nou kreye plis inegalite nan sosyete. Sa fè nou pèdi talan ak kapasite anpil jèn ki ta ka kontribye nan devlopman peyi a. Yon timoun ki pa resevwa bon jan edikasyon ap gen plis chans tonbe nan chomaj, depandans ekonomik, oubyen vin viktim vyolans ak move zak. Anplis de sa, lè nou mete yon gwoup moun sou kote, nou di yo, yo pa enpòtan, yo pa gen valè. Sa se yon gwo pwoblèm sosyal ki kraze fondasyon peyi a epi ki kontinye mennen nan mizè ak esklizyon.


EA: Kòman w konprann lekòl pou moun a bezwen espesyal yo nan dinamik lekòl enkliziv la an Ayiti?


MD: Lekòl espesyal yo enpòtan paske yo bay timoun ki gen andikap yo yon espas kote yo ka aprann nan bon kondisyon. Sepandan, nan yon vizyon enklizif, yo pa dwe rete sèl opsyon ki egziste. Ideyal la se pou tout lekòl gen kapasite pou resevwa tout timoun, kèlkeswa kondisyon yo. Sa vle di fòk gen fòmasyon pou pwofesè yo, adaptasyon nan materyèl didaktik yo, epi mete estrikti anplas pou timoun ki gen bezwen espesyal yo ka aprann menm jan ak lòt timoun. Si nou toujou mete timoun sa yo separe, sa vle di nou poko vrèman rekonèt dwa yo pou yo entegre sosyete a nèt.


EA: Ti ankèt nou mennen pèmèt nou wè, Leta pa gen okenn rega sou lekòl espesyal yo, ki chak ap fè afè pa yo, jan yo vle l. Kijan w konprann sa?


MD : Li enpòtan pou nou rekonèt Leta ayisyen pa ret inaktif sou kesyon enklizyon sitou nan domèn edikasyon. Gen angajman ki deja pran, e sa tradwi nan plizyè inisyativ, tankou ratifikasyon plizyè konvansyon entènasyonal sou dwa moun ak edikasyon enklizif, dispozisyon ki genyen nan Konstitisyon peyi a sou dwa edikasyon pou tout sitwayen, epi gen estrikti tankou KASAS (Commission de l’Adaptation Scolaire et d'Appui Social), ki se yon direksyon nan MENFP ki jere kesyon enklizyon eskolè. Genyen tou komisyon ki te fòme ak ankèt ki te fèt sou sitiyasyon lekòl espesyal yo nan peyi a. Nan dat 21 me 2012 pou premye fwa, Leta ayisyen rekonèt moun andikape yo se moun tankou tout moun. Kidonk Leta tanmen kichòy…


Sepandan, malgre tout efò sa yo, reyalite a montre mezi ki pran yo pa toujou gen efè konkrè sou teren an. Pifò lekòl espesyal yo kontinye fonksyone san sipèvizyon, epi chak ap eseye fè sa li kapab ak resous limite li genyen. Nou remake pa gen ase mezi ki mete anplas pou akonpaye lekòl sa yo, ni anrapò ak sipò finansye, ni nan sa ki gen pou wè ak materyèl ak resous pedagogik adapte. Sa kreye yon sitiyasyon kote lekòl yo oblije opere sou baz inisyativ prive, san yon kad global ki ta pèmèt yo suiv yon liy klè ki reflete prensip enklizyon an jan li ta dwe fèt.


Kidonk, Leta ap fè efò, men se efò ki rete sou papye oswa nan faz estratejik san yo pa vrèman tradwi an aksyon reyèl sou teren an. Se la nou bezwen reflechi sou fason pou nou fè inisyativ ki deja egziste yo vin pi operasyonèl, pou Leta ka mete plis mwayen anplas epi bay lekòl ki resevwa timoun ak bezwen espesyal yo pi bon sipò. Enklizyon pa ka yon senp angajman, li dwe yon reyalite ki parèt nan chak lekòl, nan chak klas, pou tout timoun jwenn plas yo san distenksyon. Pa gen yon kourikoulòm adapte pou lekòl sa yo.


EA: Pi fò lekòl pou timoun ki gen bezwen espesyal yo twouve yo nan rejyon Pòtoprens lan. E yo koute lajan. E, tout nan men sektè prive a. Kijan w konprann sa nan dinamik yon sosyete enkliziv?


MD: Se vre, majorite lekòl ki resevwa timoun ak bezwen espesyal yo chita nan Pòtoprens lan, e anpil ladan yo se lekòl prive ki mande frè lekòl, anpil fwa frè yo wo. Sa kreye yon gwo vid nan pakou edikatif pou timoun ki soti nan fanmi ki pa gen mwayen yo, sitou pou sila yo kap viv nan zòn pwovens yo oubyen andeyò vil la. Men, li enpòtan pou nou mete aksan sou sa: gen lekòl espesyal ki egziste tou andeyò Pòtoprens, menm si yo ra, epi gen kèk lekòl ki fè pati sistèm piblik la. Leta, atravè MENFP, deja mete sou pye kèk estrikti pou sipòte edikasyon enklizif la, e gen lekòl piblik ki eseye entegre timoun ak bezwen espesyal yo.


Sepandan, resous li mete disponib yo toujou pa ase pou reponn a tout bezwen yo. Reyalite sa montre edikasyon enklizif la pa totalman neglije, men li rete twò konsantre nan kèk espas jewografik epi li depann twòp sou inisyativ prive yo. Pou nou vanse vrèman sou chimen enklizyon an, li enpòtan pou gen desantralizasyon, pou Leta mete plis sipò nan tout depatman peyi a, epi pou lekòl piblik yo resevwa plis resous ak materyèl adapte pou timoun ak bezwen espesyal yo.


Yon sosyete ki vle enkliziv tout bon dwe asire l tout timoun, kèlkeswa kote yo ye ak kondisyon sosyal yo, jwenn menm chans pou aprann ak devlope potansyèl yo. Sa mande yon pi bon kolaborasyon ant Leta, sektè prive ak òganizasyon ki travay sou kesyon enklizyon edikatif la.


EA: Pou yon lekòl enkliziv tout bon an Ayiti, kisa ki merite fèt? Ki mezi ak desizyon ki dwe pran?


MD: Pou nou rive gen yon lekòl ki vrèman enklizif, gen plizyè mezi ki dwe pran:


1. Fòmasyon pwofesè yo: Tout pwofesè dwe resevwa fòmasyon sou edikasyon enkliziv pou yo ka pi byen reponn ak bezwen diferan elèv yo.

2. Mete estrikti ak resous anplas: Lekòl yo dwe gen materyèl ak ekipman adapte, tankou liv an bray, teknoloji ki ka asiste timoun yo parapò ak bezwen reyèl yo, epi klas ak espas ki aksesib pou tout timoun.

3. Sipò pou paran yo: Paran yo dwe jwenn ankadreman pou yo konprann kijan pou yo akonpaye pitit yo epi defann dwa yo pou yo jwenn bon jan edikasyon.

4. Angajman Leta: Leta dwe tabli yon politik nasyonal sou edikasyon enklizif, mete règ klè pou tout lekòl respekte, epi bay sipò finansye ak administratif pou lekòl k ap akeyi timoun ki gen bezwen espesyal yo.

5. Desantralizasyon: Nou pa ka kontinye ak yon sistèm kote tout bagay fèt Potoprens. Fòk Leta gen lekòl enklizif toupatou nan peyi a, e fòk yo gratis pou tout timoun.


EA: Ki dènye bagay ou ta renmen ajoute, ki enpòtan selon ou?


MD: M vle raple edikasyon se pa yon kado, men yon dwa fondamantal pou chak timoun. Jodi a, nou gen twòp timoun ki viktim yon sistèm ki mete yo sou kote. Si nou vle bati yon Ayiti ki pi jis, ki gen plis opòtinite pou tout moun, nou dwe chanje fason nou panse edikasyon an. Li lè pou Leta, sosyete a, ak tout aktè ki enplike yo met men ansanm pou mete anplas yon edikasyon ki reyèlman enklizif, kote tout timoun ka aprann ak grandi san baryè.

À la une

bottom of page