top of page

ODD2 : Derasinen grangou, kisa sa vle di?

Ane sa a fè deja 8 lane depi manm òganizasyon nan Nasyonzini yo te mete yo dakò sou ajanda 2030 lan. Ajanda sila reyini 17 objektif mond lan ta dwe atenn sou yon peryòd 15 lane. Soti 2015 pou rive 2030. Si premye objektif la se dechouke povrete tout plim tout plimay nan 4 kwen mond lan, dezyèm ki vini an vle pou tout Leta yo derasinen grangou tout koule.



Derasinen grangou, garanti dwa lamanjay, amelyore kalite sa moun ap manje epi fè pwomosyon pou agrikilti, se tout sa peyi yo kole ak dezyèm objektif sila a. Men apre plizyè lane, gen gwo enkyetid ki pandje sou rezilta sa a kòmkwa li vin parèt trè difisil pou peyi yo ta rive deboulonnen grangou nan tan yo te fikse a. Selon done yo, yo menm prevwa nan lane 2030 lan posibilite pou grangou a ogmante olye li kaba.


Nan Loni, yo lonje dwèt sou pandemi kowonaviris la ki, nan lane 2019, te sakaje mond lan. Selon Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), se ta li menm ki ta lakoz chif gangou nan mond lan ap ogmante. Premye done avan kowonaviris la te revele gen 690 milyon moun nan mond lan k ap soufri grangou. Nan menm sans lan, done yo te revele chak ane gen 10 milyon moun anplis ki vin ogmante popilasyon grangou ap peze kou yo nan mond lan.


Akoz pandemi kowonaviris la, PAM te prevwa chif sa a ka double tèlman pra l gen grangou sou planèt la. Depi nan fen lane 2020 an, yo te gentan prevwa posibilite pou gen 135 milyon moun anplis ki tonbe nan grangou. Deja, sou chak 9 moun k ap viv nan mond lan, te gen pou pi piti youn ladan yo k ap soufri grangou, yon chif ki rive jiska 815 milyon.


Enstitisyon entènasyonal yo revele majorite moun k ap soufri grangou nan mond lan ap viv nan peyi an devlopman tankou Ayiti. Chif sa a evalye a 12,9% popilasyon peyi sa a yo. Se malnitrisyon ki lakoz 45% lanmò timoun nan mond lan. Plis pase 3 milyon timoun mouri chak ane selon esntitisyon Loni yo.

Nan 2023, grangou a sanble kontinye fè kous li nan mond lan. Nan peyi Dayiti, li touche 4 milyon 900 mil moun selon Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè a (CNSA, nan lang franse). Nan menm ane sa a, konsta yo tris sou kalite agrilti peyi a ki an degraba. Gen anpil alèt sou pwoblèm anviwònman peyi a. Polisyon, sechrès, destriksyon forè ak rezèv ekolojik yo.


Jean Robert BAZILE

Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.

Posts récents

Voir tout

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação

À la une

bottom of page